Connect with us

Health

5Lan vini ak yon Nouvo albòm ” Gouyad Daddy “

Published

on

5 Lan, yon fòmasyon mizikal k ap evolye nan Miyami depi 14 lane pa deside kite vakans nou pase san yon pwopozisyon. Djaz sila repite pou estil yo apwopriye depi nan komansman yo si nou pa bliye mega hit yo « Kanpe devan m » feat Tony Mix, ki te gen yon solo gita, youn pami solo ki te pi popilè pou epòk mizik sa a te soti a. Yon son ki te fè anpil vakam nan lari a, sitou sou rezo sosyal yo. Jiska jodi a, nou ka di, objektif djaz la pa chanje e se petèt pou sa yo rele dènye albòm yo an « Gouyad Daddy ».

Selon tout pwopozisyon k ap fèt nan dènye ane yo nan mizik la patikilyeman nan konpa a, chak jou ki jou, konsomatè yo ap pwouve fleksiblite yo. Nou ka konprann sa parapò ak tout fòm patèn konpa a ap apwopriye ke nou menm fanatik oswa konpozitè yo menm bay non. Nou ka site kèk tankou Konpa Dirèk, Konpa Wousi, Konpa Manba, Konpa Lòv, Konpa gouyad…

Albom sila fèt ak patisipasyon13 atis envite sou li tankou : Rutshelle Guilaume, Kaysha, Jim Rama, Good Tang, Madhy Cstos, Roody Delpe, Beby Joe, Andybeatz, Paska, Regimuzik, Vilx, Ti Lunet ak Thierry Cham. Kontribisyon chak atis pote yon touch remakab sou albòm lan selon orijinalite yo chak.

Nan dis (10) mizik, 5Lan kenbe menm modòd la nan tout mizik yo ke nou pwal site :

  • Let’s go feat Baby Joe
  • Grind on me feat GoodTang
  • Pa ni domi feat Jim Rama
  • A jamais feat Medhy Custos & Rutshelle, yon adaptasyon ki pote anpil vayb men kite soti deja pou anonse albòm lan.
  • Prete m ren w (Feat Paska) ki deja disponib sou youtube. 5 jou apre piblikasyon li, pandan n ap ekri atik sila a, jodi 25 dawout 2024 la a 6è53 nan maten, li genyen 23K.
  • Vini banm feat AndyBeatz (mizik sa apwopriye estil raboday san pa detache de misyon machan gouyad la)
  • Demon feat RegiMuzik & VilX
  • She’s Mine feat Ti Lunèt & Kaysha
  • Ann al danse (feat Roody Delpe)
  • Océan feat Thierry Cham, ki se yon adaptasyon 5Lan ak konplisite pwopriyetè ansyen hit sa nan komansman lane 2000 yo.

Si w s on melomàn, albom sila gen engedyan pou satisfè dezi ou. Gen melodi, gen vokal epi gen anpil sansasyon. Pou nou onèt, si w ap chèche powèm sou albòm sila, jis konsidere vwa chak kontribitè yo patikilyèman Baby Joe, Paska, Kaysha, Medhy Custos ak Rutshelle. Ak pwodiksyon sila, 5Lan laji playlist fèt nou yo. Pou nou menm ki renmen danse kole sere, pou nou menm ki renmen bliye ren nou sou anch yon lòt, albòm sa kapab ede w fè l menm si w pa ta jwenn ren prete. Tankou Junior Belizaire Alyas Dj 5 Etwal (fondatè djaz la) te di l nan yon entèvyou ak Konpa events nan lane 2015 : “5Lan pwal travay pou pote yon bon albòm paske nou poko bay yon bon albòm“. 8 lane aprè, ansyen DJ a gonfle venn li pou sa. Melomàn, men gouyad agogo, chèche ren w !

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »