Connect with us

Jedi Deba

Brase Lide sou Biznis Mizik la ak Jedi Deba – 23 Dawout 2024

Published

on

Jedi deba se tout sa kap pase nan endistri mizikal ayisyèn nan avèk Wilfrid ak Jojo chak jedi 3h-5h sou Konpaevents.
Pou jedi 23 dawout 2024 men sa ki te fè aktyalite deba sila:

1- Kolonèl pa jeneral ale dousman
2- Yon wa ki pa gen disiplin se tankou yon rivyè san dlo
3- Sweet Micky: atis ou/e ansyen prezidan
4- 22/22 kleren an gen dlo

Apre ouvèti Konpaevents fè pou kolonèl nan ti bout entèvyou Wilfrid te fè ak li nan Truth Lounge nan dat ki te 16 dawout la kote PDG Konpaevents lan te mande l pou l bay nimewo li yon fason pou pwomotè ak sila ki enterese ka kontakte li, plizyè moun te tanmen rele atis la pou yo eseye travay ak li. Se la plenyen an ta pral kòmanse akoz pwomotè yo estime responsab oubyen manadjè atis la mande twòp kòb pou atis la kap vin jwe nan yon pwogram ki gen lòt atis oubyen djaz kap pèfòme tou sitou kolonèl fenk vini, li poko gen twòp moun ki konnen l oubyen ki konn mizik li. Li tap plis fè sans si responsab yo ta kòmanse vann atis la kote yo ka fè yon pwogram espesyal pou lanse e entegre atis la.

Samdi 17 dawout ki sot pase la a, se te sware pou make anivèsè nesans mayestwo Arly Larivière ki te dewoule sou yon bato jan sa abitye fèt pou selebre fèt atis lan ki se 22 dawout anba tèm “quand Larivière rencontre la mer”. Ane sa a fèt la te parèt pi bèl. Anpil moun te reponn prezan, bato ranpli, bèl pèfòmans, bèl anbyans. Malgre tout bèl anbyans sa yo, sa pat anpeche yon derapaj ta pral antre nan wonn nan pou vin kite yon gou amè nan bouch fanatik Nu Look ak fanatik mizik alawonnbadè.

Ensidan sa a rive apre kèk zanmi djaz la ta pral monte sèn nan pou rejwenn atis la, sa ki ta lakòz pedal gita TP deploge nòmalman ki deranje mizisyen an. Pale anpil mete pye ant mizisyen an, ki te gen anpil metriz, ak alye djaz la jouk mayestwo a vin rive plase mo pa l pou l te fè mesye yo desann epi tou pale ak Seksi ki te kanpe pou pran defans TP fas ak reyaksyon youn nan zanmi atis la. Malerezman videyo sèn sila ta pral pran rezo a e chak moun ta pral entèprete l nan fason pa yo. Anpil pale sou dosye sa a, se yon deriv ki rive souvan fòk sa sispann sitou lè wap pale de mayestwo Arly Larivière. Plizyè videyo ekskiz fèt men anpil moun panse djaz la ta dwe voye yon mesaj pou fanatik yo. “Yon wa ki pa gen disiplin se tankou yon larivyè ki pa gen dlo”.

Dosye Sweet Micky te sou tab aktyalite a tou. Depi apre dènye pèfòmans djaz la koze ki gen pou wè ak diferans ant ansyen prezidan an ak atis la tounen ap repete. Pa gen okenn diferans ant ansyen prezidan an ak atis la, okenn dekantasyon pa posib “jedi deba klè sou sa”. Daprè Jojo atis la ta sipoze itilize tout privilèj li genyen antanke ansyen prezidan pou mete mizik lan nan yon lòt nivo sa ki pa posib daprè Wilfrid ki panse si atis la tap fè yon bagay pou mizik la se pandan li te prezidan an sa tap fèt dayè li pa kite pouvwa a twò swa pase sa kidonk karyè politik la diminye nan valè atis la ta genyen sa ki lakòz li pa ka reyalize twòp bagay.

22/22 se te yon evènman Bernier Sylvain alyas BS te vini avè l an Ayiti, yon fason pou te selebre anivèsè 2 gwo potorik atis sa yo ki se Gazman ak Arly ki wè jou menm mwa menm dat ki se 22 dawout. Gen yon epòk 2 mesye sa yo te ansanm e te gen yon bèl pakou e yo te konn souke endistri a ansanm. 22/22 se te yon bal gason pa kanpe, djaz ap tape djaz. Evènman sila a te tounen yon tradisyon. Malerezman, jounen jodi a 22/22 tounen souvni. Chak atis yo selebre 22 a nan fason pa yo menm si Mayestwo an kontinye selebre pa l la grandyozman. Antouka daprè Jojo Kleren an gen dlo kounye a.

Jedi deba se yon espas diskisyon ki fè laviwonn sa kap pase nan biznis mizik la. Wilfrid ak Jojo pa oblije dakò tout tan. Dayè nou ka remake sou dosye Sweet Micky a mesye yo te gen lopinyon diferan men youn konprann e respekte lide lòt. Si se pa sa li pa tap rele “Jedi deba”.

An gwo jedi 23 dawout la deba a te dewoule sou 4 pwen sa yo:
1- pri yap mande pou kolonèl
2- ensidan ki pase nan fèt Arly a
3- Sweet Micky ki te ka fè mye ou non pou leve figi mizik la
4- 22/22 ki pa egziste ankò

Ou ka pataje menm lide ak Wilfrid oubyen Jojo konsa tou ou ka gen pwòp lopinyon pa w. Kisa w panse ou menm?

Kesyon “mizopwen jedi 23 dawout la”: kisa w panse de pri bal yo? E kisa w wè ki ta dwe fèt?


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »