Connect with us

News

Senkyèm Edisyon “Kocaïna” nan Amazura | Valide – Harmonik – Vayb – Oswald & Kaï

Published

on

Senkyèm Edisyon “Kocaïna” nan Amazura | Valide – Harmonik – Vayb – Oswald & Kai

Ayè vandredi 30 dawout 2024 la, se te dewoulman Senkyèm edisyon “Kocaïna” anndan Amazura nan New York. Pwogram jenès la, se yon fèt ki toujou mete anpil moun deyò. Tout moun tou de blan vin defoule yo nan yon anbyans san kè sote. Nan afich fèt sila a, te genyen: Validé, Harmonik, Vayb, Oswald epi Kaï.

Valide se djaz ki te louvri bèl evènman sa a. Menm si se yon nouvo djaz nan endistri mizikal ayisyèn nan men Emmery ak mizisyen yo gen anpil eksperyans nan biznis la deja. Sa ki te pèmèt yo lanse sware a san pwoblèm. Se vre Valide bezwen plis mizik ki pou ede yo nan pèfòmans yo men sa pa anpeche yo fè sa yo te dwe fè a. Daprè Emmery, djaz la nan estidyo ap travay seryezman sou albòm nan ki ka sòti nan fen ane a si sa nesesè konsa tou yo ka lage yon mizik.

Apre prestasyon Valide a, se te tou pa Harmonik ki te fè yon bèl entwodiksyon kote yo mete gwo pwojektè sou karyè mizikal mayestwo Nickenson Prud’homme ki pa demerite sa lè nou konnen sa atis la fè nan endistri a. Djaz la demare ak yon chalè kote Nicky kòmanse ak pèfòmans yo epi MacD ki antre an vedèt pou vin asire relèv la. Chalè a ta pral fè yon ti bese sitou ak mizik djaz la te chwazi yo. Antouka, sa ki enpòtan fanatik yo te amize yo e yo te tou jwenn yon bèl sipriz ki se anons pwochen albòm djaz la pou fen ane a.

Apre anpil difikilte teknik Mickael antre ak Vayb tankou yon pwason nan dlo pou vin delivre sa yo te pote nan djakout yo nan fèt sila a. Malerezman, piblik la ta pral rete sou swaf li apre anviwon 15 minit pèfòmans sèlman. Malgre desepsyon atis la, djaz la te oblije desann sèn nan san bwi san kont. Anpil pale anpil bò kote fanatik Vayb yo men Michael li menm deklare li pap plenyen << idiz watidiz>>.

Apre Vayb se te moman pa Oswald la ki te rive. Atis la monte sèn nan, li vide konpa atè, li simaye plezi, li fè sa li te gen pou l fè a. Tout bagay pase byen pou atis la ak tout moun ki te deplase pou li yo.

Nan senkyèm edisyon “kocaïna” sa tout je te brake sitou sou Kaï ak Vayb. Menm si Vayb te parèt tou limen malerezman pwoblèm teknik ak tan ta pral sabote pèfòmans li a. Rive moman pou Richard vin pote plezi nan Kaï la pou fanatik li yo. Djaz la fè yon bèl antre e kòmanse fè sa yo te vin fè a. Kèk minit apre, Kenny Haiti te pase pote bon jan kichòy nan Kaï la tou e fanatik yo te byen savoure moman an ak atis la. Si fanatik Vayb yo malad pou sa ki rive yo a, Kaï li menm fèmen sware a ak “malad” sou yon nòt satisfaksyon.

Menm si son anndan klèb la konn pi bon men ou te ka remake te gen anpil preparasyon ki te fèt pou sware sa a. Abdias ki te direktè kreyatif pou sware sila a, te jere anpil bèl bagay tankou: gwo ekran ak bèl grafik epi videyo, pil limyè pou te pote plis bèbèl. Bravo ak dj Stakz ki te kenbe piblik la nan yon anbyans ak anpil bèl mizik pandan tan mò yo e bravo tou ak lòt dj ki te kontribye nan fè moun yo reviv lòt mizik anndan a.

Nou ka di senkyèm edisyon “Kocaïna” a se te yon bèl fèt menm si te gen plizyè ensidan ki te glise. Nap swete koreksyon fèt kote ki merite sa pou yon sizyèm edisyon pi wololoy.


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »