Connect with us

Jedi Deba

Brase Lide Sou Biznis Mizik la ak Jedi Deba | Kanè pou Wikenn Labor Day La

Published

on

Jedi Deba se tout sa kap pase nan endistri mizikal ayisyèn nan avèk Wilfrid ak Jojo.

Pou jedi 5 septanm 2024 la men sa ki te fè aktyalite deba sila a:

1- Kocaïna vandredi 30 dawout: Valide, Harmonik, Vayb, Oswald, Kaï

2- La nuit du compas dimanch premye septanm: Djapòt, Ekip, Zenglen, Klass

3- Kanè pou chantè ak chantèz

4- Top 3 chantèz/ Top 5 chantè

Valide se djaz ki te louvri “Cokaïna”. Tout moun te la byen bonè. Djaz la te kòmanse frape a 11 zè 23 ak yon mizik ki dire 10 minit. Emmery te nan nivo sware a, valide pase bèl. Bravo Valide!

Depi w wè Harmonik ou wè 15 lane mizik byen frape nan endistri a, yon MacD bèl vokal ak yon Nicky dwèt file. Pou sware sa a, se Nicky ki te kòmanse. Pou Jojo, Nicky te dwe rete nan plas li epi li te k chante an akapela sou klavye li, li te anvayi sèn nan twòp. Malerezman, chantè a patinen. Kidonk, entwodiksyon an mal pase. Harmonik te degaje yo.

Vayb te rankontre gwo difikilte, sa ki te lakòz Michael Guirand te dezole anpil. Apre pil depans ak preparasyon epi sa pase konsa nou ka konprann atis la. Lè n konnen sa Michael abitye fè ak djaz li, nou ka di si l pat jwenn enkonvenyan sa Vayb te ka byen delivre.

Oswald te egal a li menm. Ou ka di Oswald kòmamse achte mache New York la lajan kontan l. Piblik la te patisipe ak atis la kòm sa dwa. Oswald te byen pase.

Kaï te byen prepare prestasyon l, ou ka santi Richard vize yon lòt bagay. Daprè Jojo, Richard dwe kenbe kote ayisyen an paske Kaï se pitit konpa. Dans yo pa t gen anyen pou wè ak ayisyen, koregrafi a te dwe adapte ak kilti nou. Gwo bravo pou Richard pou prezans Kenny Haiti. Pou Jojo, Kaï maspinen tout djaz kokayina, sa Wilfrid pa fin twò dakò.

“Kocaïna” 2024 la se te yon reyisit. Bèl fèt, bèl dekò, bèl limyè, bèl ekran, tout moun an blan pou respekte konsèp la men fòk Abdias Laguerre sou son an ak limyè yo ki dwe gentan disponib depi nan kòmansman.

Djapòt te louvri sware “la nuit du compas” a. Pou Wilfrid, se Pedro ki te dwe k[manse pou fè plas pou Esther. Jojo li menm renmen se Esther ki kòmanse a daprè li fòk medam yo pran responsablite yo. Mesye dam yo ap byen travay men manke senkwonizasyon nan mitan yo. 3 mizik nan 41 minit, yo te k jwe plis mizik. Drapo a te ka pi byen prezante. Esther bèl chantèz, Pedro bèl vokal, chantè doub kabin. Bravo Djapòt!

Ekip te byen parèt ak entwodiksyon Steeve Khe a. Ekip te jwe 35 minit, mesye yo delivre men li pa t enpòtan pou Shabba te jwe “Separasyon” ki separe an 2 bout nan men l daprè Jojo. Shabba dwe rete sou tanbou a epi kite mesye yo fè travay la. Ekip pa t nan nivo pou sware a. Ekip te ka fè plis pase sa men bravo pou Steeve ak D-Perfect.

Zenglen te jwe 43 minit. Omaj la te ale ak tèm sware a. Isimic te dwe louvri kò l plis e li te dwe konfime l nan grenn mizk li a. Sèn nan te twò plen, mesye dam yo te ka danse ant yo. Gwo bravo pou liy van djaz la e pou bèl pèfòmans yo te bay la.

Klass jwe 43 minit. Depi nan tcheke son, djaz la ranmase tout moun anndan a. Pipo kouvri devan djaz la e yo tout kwè nan tèt yo. San mizik nèf, djaz la jwe pwòp, li jwe bèl. Pou Jojo FKD pa t dwe jwe pou respè Zenglen men pou Wilfrid se pa menm FKD a.

“La nuit du compas” pou lane 2024 la te yon reyisit.

Kanè pou wikenn sa a:

Pedro: 8.5  Pipo: 9  Richard: 7.5  Michael Guirand: 6.5  Jude: 6.5  D-Perfect: 7.5  Steeve: 7  Emminix: 8  Isimic: 8.5  Emmery: 7  Oswald: 8.5  MacD: 6  Nicky: 4  T-Joe: 7  Arly: 6.5. Shabba: 2.5

Kiki: 6.5  Cadelouse:  6.5. Esther: 7.5  Rutshelle: 9. Shoomy: 7.5

Top 3 chantèz: Rutshelle – Shoomy – Esther

Top 5 chantè: Pipo – Pedro – Oswald – Richard – Isimic.


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »