Connect with us

Interviews

Dud Victor fè yon maryaj ant Pwodiktè a ak Chantè a

Published

on

Sa pa fèt souvan pou pwodiktè a fè yon kite machin pwodiksyon an pou li ale devan piblik la, li pi fasil rete dèyè kamera a. Dud Victor pa twò diferan men fwa sa a li deside vin gade kòman sa ye devan kamera a.

Dud wè jou yon 23 oktòb nan nò peyi a, li soti ant Pòmago ak Okap. Apre tout etid klasik li, li antre Pòtoprens pou inivèsite epi kite Ayiti pou kay tonton Sam. Dud te toujou renmen mizik paske li grandi nan mitan sa. Se pou sa depi lè l lekòl klasik li te aprann jwe piyano. Konsa, kapasite pou li konpoze mizik te kòmanse devlope. Malgre tout kapasite sa a, li pat janm pran sa o serye. Se te pou plezi li te konn fè sa menm si antouraj li te konn ankouraje l pran sa pi serye. Nan lane 2015, Dud ak mayestwo Loulou vin zanmi e se konsa mayestwo an ta pral mete estidyo l disponib pou Dud kòmanse travay kòm pwodiktè.

Dud victor se yon jèn pwodiktè kap fè moun danse lontan. Ou jwenn koulè l sou anpil atis tankou: Kenny Desmangles, Gazzman Couleur, Alain Fleuriné, Esther Surpris, Dede, Klemay, Cadelouse, Don Dodo (Ex Shaka Dreams), Blondedy, Yung Rich, Jah Robinson, Factory Atis, Static J, Baby One King, Guigui, Jamesly Edouard, Makiki, Achely St Aude, Shassy, Roodyman, Volume ak Roody Delpé kòm pawolye… Men fwa sa a, Dud deside, non sèlman prepare manje a nan kwizin nan men tou pote l vini sou tab la.

“Incomparable” se non ti manje sa a ki trè bon nan bouch ki rive sou tab la. Dud prepare l san okenn kè kase paske l abitye prepare manje deja pou lòt moun e yo te toujou gen bon gou nan bouch. Dud te toujou pare pou chante dayè li patisipe nan plizyè mizik deja men li te pito rete dèyè sèn nan pase devan an, daprè sa li di.

Dud se yon pwodiktè ki egzijan anpil lè lap travay ak yon atis, se konsa li fè tèt li menm egzijans lan tou lè l tap prepare “Incomparable”. Li te menm envite lòt moun pou la avè l nan estidyo an pou egzijan ak li tou. Ou pa ka jij epi pati an menm tan daprè li.

Mizik sa a, se yon fason pou Dud bay fanm ayisyèn plis valè pou sa yo reprezante sitou pou kalite yo ak kouraj yo. Atis la regrèt li pat yon desinatè paske gen de fi li konn swete desine daprè sa li di. Erezman, li te ka chante pou li fè pase ak vwa l sa l pa t ka fè pase nan desen an.

Chantè a soti “Incomparable” yon fason pou fanatik yo ka kòmanse abitye ak vwa l. Kidonk, anpil lòt pwojè ap vini ankò. Nou pa konnen si yon jou nap jwenn Dud devan yon djaz oubyen ak pwòp djaz li, men sa ki sèten nap toujou jwenn yon Dud kap kontinye pwodwi toutotan lap respire. “Nou ka chanje chapit men nou pap fèmen liv la” pawòl atis la.


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »