Connect with us

Interviews

Etzer Laurore prezante 2 nouvo mizik e anonse retou li sou sèn mizikal ayisyen an

Published

on

Etzer Laurore prezante 2 nouvo mizik e anonse retou li sou sèn mizikal ayisyen an

Anpil nan nou konnen l sou non Etzer Nu bazz. Li fèt Brooklyn nan lane 1978. Se yon mizisyen ki chaje talan e ki gen anpil eksperyans nan endistri mizikal ayisyèn nan.

Ansyen mizisyen NEW YORK ALL STARS ak gwoup LAKÒL la gen anpil mizik nan aktif li. Nan lane 2001 li soti ETZER BAZ, 3 lane pita li soti ETZER DIVORCE epi apre yon bon tan silans li pote LAGUE M NAN NU BAZZ nan lane 2013. Etzer patisipe sou plizyè pwojè ak lòt gwoup mizikal e lòt atis tankou: King Kino, Dabentz, Olivier Duret, Tantan, Dave Black parents ak Mikaben (Nou pap janm bliye w…). Etzer Nu bazz soti 3 lòt moso mizik ki se: KENBE M LA, ETZER KOMPA MEDLEY ak MONTE PYE BWA. Li gen 7 mizik ki videyoklipe.

Nan 4 dènye mwa sa yo, Etzer lage 2 nouvo mizik pou anonse tounen li nan biznis mizik la pa tankou Etzer Nu Bazz men pito kòm yon atis solo. Tit 2 mizik sa yo se: M PITO POU KOM, ak BANM GATO MWEN ak patisipasyon Mikaben. Nap raple Mikaben, ki pa la fizikman ak nou ankò, se yon atis ki gen anprent li gaye tou patou nan endistri mizikal ayisyèn nan. Nou swete li kontinye repoze nan lapè. Etzer pwomèt pou li pouse “Banm gato mwen” byen lwen yon fason pou li onore memwa atis la.

Etzer ap kontinye travay san kanpe pou pote lòt mizik videyo pou fanatik yo men li pa nan koze albòm pou kounye a. Atis la kòmanse planifye pou yon tounen mizikal li gen pou l fè daprè sa li di e nap jwenn yon Etzer kap prezan anpil sou sèn mizikal la.

Etzer Laurore ap prepare pou l vin souke endistri mizikal la ane kap vini la a e tou anonse 2 lòt mizik videyo pi move toujou pou 2025 lan, se sa li fè konnen. << Mwen ta swete tout jèn djaz yo met granmoun sou yo, si nou pa mete granmoun sou nou nap chita deyò>> pawòl atis la.

 


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »