Connect with us

New Music

Kout je sou “Time to shine”, premye albòm Kenny Haïti

Published

on

Se pa sou Konpaevents n ap konnen Kenny Haïti se yon vwa espesyal nan mizik ayisyèn lan, ki deja mete anprent li sou plizyè mizik pèsonèl oswa kolektif. Ane sila li pote pou nou Time to Shine, ki se non premye albòm li ki fenk sot parèt tèt li 19 septanm 2024 la. Li genyen douz tit sou li, pami yo, yon entwo plis onz bèl mòso san parèy kote chak konpozisyon yo pote yon vayb diferan ak yon anbyans san parèy.

Entwo albòm lan kòmanse ak vwa Idris. Yon timoun ki apenn ap aprann pale. Ta sanble se pitit atis la. Nou konn sa sa vle di lè se yon timoun k ap chante yon mizik. S on gwo prèv reyisit pou ansyen mòso a “Woulib” ki te soti nan lane 2022 e nou tout konsyan de fason mizik sila te fann lari a e jiskametnan, ki pa sispann pran woulib nan zòrèy fanatik mizik. Ti pitit la mande papi l pou Woulib, atis la di l “Woulib ap dòmi”. Se tankou l ta di “woulib mache twòp, li fatige, l ap repoze “.

Nou pwal founi je gade mizik yo ki sou albòm lan youn aprè lòt. N ap gade tèks, n ap gade amonizasyon enstriman yo epi n ap gade vwa atis ak lòt eleman ki fòme senbyoz la. Nou pati :

Pour elle : Mizik sa chita sou yon konpa, tèks sila s on elòj. Elòj pou yon fanm atis la konpare ak garaj pou repare kè l. Pou fanm sa, l ap fouye men l nan dife menm lè l ap boule. S on fanm ki pran tout plas yo nan lavi kompozitè a. Apresa, yon solo El chapo pran plas pa l nan mizik la pou enpoze yon anbyans solid. Koral la sansasyonèl ak yon pawòl rekonfòtan.

Kle kou : Nan estil atis la pi fò a, tout moun konnen l deja. Kle kou, s on vayb afro. Byen cho. Li pa long ditou. Li dire sèlman 2 minit ak 26 segonn. Se prezantasyon yon patnè mazochis. Se tout tan n ap rankontre moun k ap di nou pa pwoteje yo. Pou n sovaj ak yo. Bit la byen adapte pou yon estil mizik konsa. Rim yo adapte anpil. Mezi yo jis epi majik.

Pi bon chwa feat Richard Cavé : Èske n ap vini ak yon nouvo non pou estil sa ki pa nouvo men ki ap pran plas li plis chak jou “afro konpa”. Ou ka tande anba mizik sila a, patèn lan pote anprent afro nan pati Kenny an. Richard Cavé antanke yon goat nan biznis lan mete bèl touch li nan mizik la. Pi bon chwa, se ekspresyon konfidans ak fyète pou yon chwa ki pa bay desepsyon epi ki rasiran. Toujou ak touch el chapo, entansite vayb mizik la ogmante.

Fake friends : M pa koken, sa w panse de mwen m pa koken. Konsa mizik “fake friends” lan kòmanse. Kenny featuring youn nan figi anblematik Rabòday la an Ayiti (Tony Mix) pou fè mizik sa a. Nou ta ka di, sa s on afro rabòday. Sa s on mizik pwen. Yon mizik wòch.

Ki Mele m : Toujou nan estil afro a, si n ap dakò, ki genyen tout yon divèsite rit ladan l ki chita anpil sou demach pèkisyon yo sitou bas la. Tempo sa a plizoumwen bese men tandans lan pa chanje. Ki mele m, s on mizik pou atis la di ak nègès la, sa pa gade l, nenpòt sa k vini an, l ap sibi l depi se pou li ak fanm lan.

Bif : featuring ak Michael Guirand, sa s on konpa. Sila ki konpoze mizik sila f on travay entèlijan. Li moute yon mizik kote estil la varye anpil. Si nan kòmansman an, oswa nan refren an, ou ta wè l sanble mizik Medji, ebyen lè Kenny rantre, li chanje done yo. Pou dayè estil Kenny an pwòp ak li. Ann pa koute lògèy, poun pa ka fè lòbèy. Ann kraze bif la. Ann ba li lòv pou n pa ret dozado. Pawòl sa yo kouwòne tèks la. Yon demand rekonsilyasyon, lapè pou fini ak kont lan. Fini ak pale anpil yo, enkonpreyansyon yo. Mizik la reyisi. Mizik sa merite jwenn benediksyon lari a tankou tout lòt sa n konnen ki mache deja yo.

Lucky man : Yon lòt mòso nou ka di ki reyisi. Pa gen dout sou sa. Orijinalite atis la fè fòs li. Fason li moute rim yo, fason li senkwonize vwa li ak pawòl l ap eksprime yo. Lucky Man se yon chan rekonesans ak rekonsiderasyon. Zanmi an santi l chanse pou lanmou sa e li pare pou fè pannkat. E li bay fi a dwa fè sa l vle ak li. Se yon pwomès fidelite ak estabilite tou, si nou chita sou pawòl yo.

Bèl bebe : Yon mizik motivasyon pou ankouraje yon bèl bebe ki pran yon move chimen. Mizik sila pa diferan de mizik “bèl tifi” ki soti nan albòm “Makiye mizè w” Ekip. Nan literati, sa pa yon peche. Yo rele sa entètekstyalite. Se pa yon peche. Se pa kopyadò. Paske chak atis yo kenbe estil pa yo epi pote pawòl pa yo sou sijè a.

Tò mwen : featuring Fatima, mizik sila kamoufle yon lò estil nan divèsite afro a toujou. Ti padon k ap mande. Ti pwomès chanjman k ap fèt. Melodi ak chalè mizik la te ka pi konvenkan. N ap admèt, farin lan p ap vin nan menm sak tout tan, si nou ta refere nou ak premye kolaborasyon Fatima ak Kenny an. Se te yon heat.

2 bra balanse : Menm si mizik la titre 2 bra balanse men anbyans lan pa kite n bra balan. Solo keyboard, rit ak melodi, yo vann yon plezi tèt chaje. Konpozitè a eksprime doulè yon nonm k ap plenyen pou yon boubout ki lage l de bra balan e ki konsyan de erè li tou.

Kriye : Mizik sa s on motivasyon. Pou sila ki ap afwonte pwoblèm sou pwoblèm, ki ap fè fòs. “Dèfwa li bon pou w kriye, ou va santi w soulaje”, se kèk pawòl nan refren an ki sanble tèt koupe ak mizik la. Mizik sa pa yon levanjil. Li pa vin baw manti pou l di w sa ka chanje oswa ou kapab men li jis vin ankouraje w eksprime feblès ou. Si kriye ka ede w libere w, alòs, kriye Kriye w.

https://youtu.be/ADrHVq2zqCI?si=YiLXum3tsoKprVYE

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »