Connect with us

MUSIC

Ti Michèl ak Kandoudou nan litij pou plas devan nan diSip

Published

on

Nan sware kite 8 fevriye 2025 lan, disip te sou afich pou jwe ak zenglen nan Hollywood live. Yon bal ki ta pwal kòmanse byen ta. Se zenglen ki te jwe avan. Lè disip t ap al jwe, Ti Michel te plwaye gita li, li ale. Kòm esplikasyon ki bay, ta sanble, Kandoudou apwopriye li de plas devan an ke ti Michèl li menm pa pare pou abandone. Pou Kandoudou, plas devan nan djaz la te fè pati youn nan objè retou li nan disip.

Pandan dewoulman bal la, nan yon prestasyon, ou te ka tande Kandoudou k ap tire pwen. Pwen sa yo ki fè konprann Ti Michèl jalou de li.

N ap sonje, Kandoudou te kite disip pou li al jwe nan Ekip. E sa pa gen plis ke yon mwa, Kandoudou kite Ekip pou rejwenn disip. Selon melomàn yo, pou jan estaf sa a te anonse koulè ak pwomès, èske ti Michèl ak kite djaz la oswa y ap rive jwenn yon antant pou pataje plas devan an.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW