Connect with us

News

KE Spotlight Presents : Tcharly Chérélus

Published

on

Tcharly se yon jèn gason ki wè jou 27 septanm de mil de (2002) nan nò peyi a espesyalman nan Okap Ayisyen. 

Li grandi nan Okap e se la tou li fè tout etid klasik li nan “Collège Oasis du Cap-Haïtien ak nan “Collège Susan Schuenke” epi kòmansman etid inivèsitè li.

Depi tou piti Tcharly jwenn manman l ap chante epi dirije plizyè gwoup nan Okap. Kidonk, se pa san rezon li renmen mizik konsa. 

Fanmi an rele Tcharly “Tchay” e se la non atis li ap tou vini tou “ Tchay Keys  Music ”, yon mannyè pou l onore fanmi l ak mizik kap koule nan venn li.

Twonpèt se te premye enstriman jèn atis la te kòmanse aprann nan fanfa lekòl li. A katòz lane (14) Tcharly ta pral kòmanse jwe enstriman prefere li ki se pyano nan legliz ak nan lekòl li. Nan kolèj Susan Schuenke te gen yon djaz e se Tcharly ki te mayestwo djaz sila a.

Lè Tcharly fini lekòl klasik, li antre nan “université Chrétienne du Nord” pou li etidye “beaux-art” men li te oblije kite l pou l al viv lakay tonton Sam.

“Separation” se premye konpozisyon atis la e se ti sè l Barbara ki chante l. Rèv jèn pwodiktè a, se mennen mizik nou an tout kote nan monn lan. Se pou sa kounye a, li konsantre l sou lekòl mizik li pou l fòme tèt li pi plis chak jou, yon fason pou l ka pote yon lòt bagay nan endistri mizikal ayisyèn nan. <<Mwen konte fè yon karyè mizikal pou m mennen kilti ayisyèn nan toupatou nan monn lan, mwen vle genyen pwòp gwoup mwen epi ede lòt Jèn atis parèy mwen ale pi lwen nan mizik>>, se sa Tchey ta renmen reyalize yon jou.

Menm jan ak tout atis, Tchey Keys gen lanmou pou plizyè gran atis pwodiktè tankou: Shedly Habraham, Harold St Louis…men kanta pou Dener Ceide li menm li achte kè atis la lajan kontan. Rèv jèn pwodiktè an gran anpil menm jan ak zidòl li yo, sa ki lèse n kwè lap travay anpil tou pou l fè lonè yo ak lonè tout fanatik mizik alawonnbadè.

Nou swete Tcharly Chérélus alyas Tchay Keys music kontinye kenbe menm lanmou ak pasyon sa li genyen an pou l reyalize tout bèl rèv li yo.


Gbsainthubin@gmail.com  |  Konpaevents

Continue Reading
1 Comment

1 Comment

  1. Wilfrid Petit Frere

    February 6, 2025 at 12:37 am

    Good luck Tcharly

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW