Jedi Deba
Jedi Deba Prezante Nouvo Albòm ‘ Idantite’n ‘ Harmonik La !
![](https://www.konpaevents.com/wp-content/uploads/2025/02/6740c064-54a3-4153-b1f0-c5bd85475045-e1739035779379.jpg)
Jedi Deba se tout sa kap pase nan endistri mizikal ayisyèn nan avèk Wilfrid ak Jojo.
Jedi 6, 2025 la Jedi Deba te prezante dènye albòm Harmonik la.
Jan anpil nan nou konnen l, Harmonik se yon fòmasyon mizikal ki te kreye nan lane de mil uit (2008) avèk 3 jèn gason ki se : Nickenson Prud’homme, Mackendy Talon epi Sanders Solon. Gwoup mizikal sila a genyen sèt (7) albòm nan repètwa li pou kounye a:
1- Jere’m (2008) 2- Let’s Go (2011) 3- Diferan (2013) 4- Degaje (2016) 5- Respè (2019) 6- Maturite (2022) 7- Idantite N (2025)
Prezantasyon Idantite n ak Jedi Deba:
Idantite n genyen yon (1) entwo ak kenz (15) moso mizik sou li:
1- Entwo: Trezò m 2- Idantite n 3- Fracas 4- Bouclier 5- Tonight 6- Mwen ba w legen 7- Magical Ride ft Rotimi 8- Serment 9- Ban m tout afè m ft Kenny Haiti 10- Renmen Padone 11- Doukounou ft Ritchie & Andy Beatz 12- Ret tann mwen 13- Angoisses 14- Lanmou 15- Kontantman m 16- Ti kè m.
Gen plizyè mizik ki pran kè Jedi Deba tankou: Idantite n, Doukounou, Fracas, Tonight, Renmen Padone, Mwen ba w legen, Banm tout afè m .
Daprè Jojo, “Idantite n” se yon mizik ki mande fanatik djaz la pou yo idanitifye tèt yo. Sa pa gen anyen pou wè ak retounen nan sous jan anpil moun ta vle kwè l la. Dayè pa gen sous san Sanders.
“Renmen Padone” se yon mizik ki fèt pou konsyantize n sou enpòtans padon. Pa gen renmen san padon e padon se pi gwo jès lanmou.
Youn nan pi bèl mizik sou albòm nan pou Wilfrid se “Tonight”. Mizik sa se yon mizik kap dire. Kote biznis menm “Tonight” se lajan kach.
<<Apre sa MacD fin fè sou “Fracas” pou mwen MacD fin chante pou ane a>>, pawòl Wilfrid. Mizik sa a, se youn pami mizik ki ka mete moun deyò sou albòm nan.
“Mwen ba w legen” se youn nan mizik prefere Jojo. Nan vi a fòk ou konn lè pou w batay ak lè pou w bay legen.
Si w bezwen rejwenn jèn yo, rezo a…”Banm tout afè m” jere sa ak prezans Kenny pou Jojo menm si Wilfrid te santi l pa t ka pran repetisyon an nan men Kenny.
Pou Jedi deba “Doukounou” se mizik lari a, mizik chacha albòm nan. Li toujou bon lè Kreyatè yo chwazi mete limyè sou kèk bagay moun pa twò bay valè.
Harmonik fè yon travay ekstraòdinè sou albòm nan: tèks, vokal, melodi, aranjman…Jedi deba wete chapo devan kokenn chenn travay sa a, tout mizisyen alawonnbadè ki patisipe pou pote bijou sa a e felisite MacD espesyalman pou kout plim li. Djaz la rete pou li travay sou pwomosyon ak repetisyon epi pwograme pou yo delivre albòm nan.
Daprè Wilfrid, fòk djaz la ta tounen ak de (2) pyano a yon fason pou Nicky jwenn plis tan pou l pran responsablite l kòm dezyèm chantè. Bò kote pa Jojo li menm, li panse li rete pou mesye yo jere djaz la epi pwouve tèt yo ak nouvo avanti sa.
Apre gwosè travay sila si fanatik Harmonik pa deplase pou al sipòte djaz la Se yon krim.
Gbsainthubin@gmail.com | Konpaevents
![](https://www.konpaevents.com/wp-content/uploads/2023/01/KE-LOGO-TEXT-e1672642080895.png)
You must be logged in to post a comment Login