News
Eminix aprann depa li nan zenglen menm jan ak tout moun
Yè mèkredi 12 fevriye 2025 lan, nou tonbe sou yon nouvèl nan endistri mizikal ayisyen an kote estaf k ap jere relasyon piblik pou zenglen anonse depa Eminix ak retou Frero. N ap raple w, Eminix kòmanse kòm chantè zenglen ak mizik “grèv bèbè” ki te soti nan lane 2018. Jodi a, apre 7 lane, aprè piblikasyon 3 albòm (No dead End – 2018 / Bravo Victorious – 2022 / happy 69th compas – 2024), si nou ta fè referans ak sa nou li yo, mete sou nòt pa Eminix lan, se vrèman fen kolaborasyon atis la ak zenglen.
Jodi jedi 13 fevriye 2025 lan, sou paj Guy Wewe radio a, nou aprann, atis Eminix resevwa nouvèl depa li a menm jan ak tout moun, sou rezo sosyal, pandan li nan lari. Gen yon rankont ki te pwojte ak zenglen nan aprè midi, ebyen, nouvèl la te antisipe avan menm rankont lan te reyalize.
N ap raple w, bal zenglen te jwe lafrans lan, se Eminix ki te asire li kòm lead san prezans Isimic alòske dènye bal zenglen te jwe Hollywood live la, se Isimic ki tea sire, Eminix te briye ak absans li. Konpa events te fè konsta a epi kesyone rezon an tou. San nou pa plede poze tèt nou kesyon ki deja gen repons, nou ka jis di w pasyante pou w konnen vrè rezon ki okazyone separasyon sila.
Nan nòt pa Eminix lan, nou santi atis la te deja gen volonte pou kite zenglen e trouve ke li nan moman pou li swiv lòt chemen. Ak anpil elegans, Eminix jwenn yon fòmil pou li anonse fanatik yo li pa ak zenglen ankò epi pwofite eksprime gratitid li anvè gwo fòmasyon mizikal Zenglen. Pou sa ki gen pou wè ak retou Frero Jean Baptiste la, rete konekte sou aplikasyon nou an oswa tout lòt rezo nou yo, pou w sa konnen plis enfòmasyon ak detay.
You must be logged in to post a comment Login