Pou Popolo Mass Vocal, mizik se yon chemen lavi. Atis konpa a, ki rele Pierre Paul Joseph, ap prepare pou prezante « IV Fasad », nouvo albòm li ki gen pou soti 17 oktòb 2026. Avèk 14 chante ak plizyè kolaborasyon, pwojè sa a make yon etap enpòtan nan pakou mizisyen ki soti Kavayon an.
Orijinè depatman Sid peyi Dayiti, Popolo ap viv Pòtoprens, kote li kontinye devlope karyè li. Pasyon li pou mizik te mennen l pran desizyon ale lekòl mizik pou l aprann, ranfòse konesans li epi pèfeksyone talan li. Antanke chantè, gitaris ak otè-konpozitè, li sèvi ak vwa li, enstriman li ak ekriti pou eksprime panse li ak eksperyans lavi li.
« Se mizik ki chwazi m, e mwen menm tou, mwen chwazi mizik », se youn nan pawòl li itilize pou esplike relasyon li ak metye a. Konviksyon sa a akonpaye travay li pandan l ap chèche jwenn plas li nan biznis mizik la epi pote kontribisyon pa li nan mizik ayisyen an.
Pakou pèsonèl Popolo genyen tou yon absans ki make lavi li: lanmò manman li, depi 24 lane, dapre biyografi ofisyèl li. Sou lis albòm nan, tit « Manman Marie » ak « Pou manman m », avèk Atròs Rockfam, bay figi manman an yon plas vizib nan pwojè a.
Kolaborasyon yo se yon lòt aspè enpòtan nan « IV Fasad ». Valancie Etienne patisipe sou « Fò m lage pye m », Maestro Sainsain sou « M ap ret tann ou », epi LS sou « Moun Okay ». Popolo jwenn tou T-Molès sou « Santi m ta renmen w » ak Peter Leclerc sou « Osany ».
Princess Dayana akonpaye l sou « M anvi zanmi w », pandan Vac For Real patisipe sou « Lanmou Raketè ». Lis envite yo genyen Mr Deng Madada sou « Detraktè », Tipay Rèv sou « Nou se Rasin », ansanm ak Pastè Blaze ak Okyjemssou « Mèt bagay la », ki fèmen albòm nan.
Men lis 14 chante yo:
- IV Fasad
- Fò m lage pye m — avèk Valancie Etienne
- Lanmou Bitasyon
- M ap ret tann ou — avèk Maestro Sainsain
- Moun Okay — avèk LS
- Santi m ta renmen w — avèk T-Molès
- Osany — avèk Peter Leclerc
- M anvi zanmi w — avèk Princess Dayana
- Lanmou Raketè — avèk Vac For Real
- Manman Marie
- Detraktè — avèk Mr Deng Madada
- Nou se Rasin — avèk Tipay Rèv
- Pou manman m — avèk Atròs Rockfam
- Mèt bagay la — avèk Pastè Blaze ak Okyjems
Avèk « IV Fasad », Popolo Mass Vocal ap mete devan piblik la rezilta yon angajman li pran anvè mizik. Atis ki soti Kavayon an antre nan etap sa a avèk dezi pou fè tande vwa li, pataje ekriti li epi reprezante kilti li atravè konpa.
Randevou a fikse pou 17 oktòb pou dekouvri « IV Fasad ».



Kòmantè
Poko gen kòmantè. Se ou ki premye!