MUSIC
Albòm Klass la : Yon ti refleksyon sou feblès medyasyon kiltirèl la nan kesyon kreye gou sou mizik
Menm jan ak anpil moun nan 17èm syèk an Frans ki te santi s on nesesite pou yo adere ak kèk espas, respekte kèk prensip oswa estil lavi pou yo santi yo egziste a, g on peryòd nan peyi Ayiti tou, efè mòd la te peze lou anpil. Gen atis pou w tande pou w eklere. Gen emisyon pou w tande pou w moun debyen. Gen mizik ou chante pou fanm, ou dwe ale nan syèl. Medya tradisyonèl yo te jwe yon gwo wòl nan sa tou. Si animatè a di nou se sa a ki pi bon, li te nòmal pou n fè l konfyans. Fòk nou savalouwe chèf medya yo tou paske alepòk, se pa t nenpòt moun yo t ap kite manyen yon mikwo nan radyo ak nan televizyon yo. Jodi a, nou pa respekte medyatè yo, nou pa fè pawòl yo konfyans epi prèske nou tout, depi n gen yon paj sou rezo a, nou tou gen medya pa nou. Derisma Smith te di sou paj facebook li : « Nan epòk mwen t ap grandi, li te trè difisil pou m pa t fantik zenglen ». Nan epòk pa mwen an tou, fòk ou te chwazi ant Rockfam ak Barikad. Mòd la toujou jwe yon gwo wòl nan lejitime sa ki bon oswa sa ki dwe mache. Jounen jodi a, ak kesyon rezo sosyal sa yo, se kilès menm k ap enfliyanse mòd yo ? Ki rapò yo ak mizik la oswa ak atis k ap pwodui yo ? eske yo kontounab ? Poukisa se yo menm ki gen anpriz dirèk tou sou mizik la ? Si se pa yo menm, kisa ki sisite emosyon oswa apresyasyon popilè ayisyen sou mizik la nan sans pozitif oswa negatif ?
Fòmasyon klass, nan dènye albòm li an ki sot parèt tèt li nan mwa novanm 2024 la, pwopoze nou onz (11) bèl mòso mizik pou nou kaladja kò nou. Yon albòm ki gen ladan l onz gwo mizik, kote mayestro Richie patisipe nan pwodiksyon li, pa ka lèd selon mwen menm. Sa se avi pa m. N ap site : Dwat pou w vini, Valè w, Sere koze w, Pwoblèm pi rèd, Malere Milyonè, Kafou a, Dwat pou w vini, P.P.P.W, D.D.N, My pain killer, I do it 4 u, Ou tou la. Chak mizik pote son pa yo, koulè pa yo ak vayb pa yo. Se vre, nou chak ka gen divès pèsepsyon sou ekriti mizik yo, sou fason nou te konn resevwa djaz la avan ak atant nou ki te anpil sou yon fòm presi pa rapò ak jan mayestro Richie te konn abitye siprann nou deja nan 5 kontinan, 50 lane konpa, Richie ak Zenglen, Richie ak Gracia, Fè l ak tout kè w, fè l vini avan…
Lè yon albòm soti, ou ta di gen yon men envizib, yon souf nou pa wè, k ap challenge foul la swa nan sans pozitif oswa nan sans negatif. Pa etone w pou w wè, mizik ou plis renmen an, lè y ap pale de albòm lan sou rezo, se pa li menm yo site. N ap dakò byen kiltirèl depann de gou nou oswa de konesans nou si m dwe fè jako repèt anpil konesè tankou Bourdieu ak Georges Simel. Konesè tankou Marx Webert yo, yo avanse ke kesyon gou a s on reflè estrikti klas sosyal yo. Bon, nou p ap mache repete koze ki deja di. Ann gade ansanm pito, kisa ki fè de moun nou pa ta panse ap tire wòch gwo midi sou yon pwodiksyon mayestro Richie dirije ? Kisa ki fè yo konprann yo gen rezon ? Kisa ki lakoz gen ensètitid pou sila k ap tann lòt moun fin pale pou yo reponn ? Kisa ki fè kèk moun tou ki gen lavwa ochapit pè pale fò pou di sa yo panse sou albòm lan ?
Lakay nou, si n ap fè referans ak anpil pwodiksyon lontan, li pa anpil non, kategori mizik ki sible klas yo. Lè n ap grandi epi n ap tande mizik mesyedam milat pwodui ak mizik ti nèg pwodui, se konn sèlman yon ti ponyen tou fèb klas anba a pa resevwa. Baryè yo ka petèt anpil ni bò atis ak ni bò kote konsomatè. Apresa, depi se de konpa n ap pale, g on gwo kategori ki te aktif nan konsome tout atis peyi a bay. Nou p ap antre twòp nan chanm sa a men ann admèt, sansiblite kite genyen pou yon gwoup moun sansib ak nivo pwodiksyon yon mizik lontan an, se pa menm bagay la jounen jodi a. Si pou nan lane 80 pou rive 2000 yo, peyi a te genyen gwoup tankou zèklè, digital express, Koupe Kloure, Det x, Magnum band, Dixit band, Bossa combo, Tabou combo, top vice, mini all stars, new york all stars, mizik mizik, zenglen ak elatriye…lè nou konsidere kèk pwodiksyon tankou lèlèn cheri, ti poud, Ou pi la, chante lanmou, Webè, Rekonsilyasyon ak anpil lòt ankò.
Ann Ayiti, n ap dakò, kesyon gou a kòmanse pèdi sans depi lè rabòday kòmanse jwe nan direksyon lekòl yon moun mwen rekonèt nan Gonayiv kòm amizman estaf la pandan lè travay la menm. Depi lè, ou rive nan yon lakou, ou jwenn ni timoun, ni granmoun ap repete yon dividal koze tankou al lakay blòdè a epi fè tout lòt sa atis la repete nan mizik la. Nou p ap antre nan fasilite pou jete yon rit mizikal osi rich. Nou p ap antre tèt nou tou nan krache sou talan DJ oswa atis k ap pwodui yo. Petèt, nou ka jis lonje dwèt nou pou n di, men kiyès ki te itilize bèl talan li pou ede trivyalite pran plas li isit nan peyi nou.
Eske ekriti Mayestro Richie chanje ? eske se tan an ki chanje ansanm ak konsomatè yo ? N ap admèt tou de kesyon sa yo ka gen yon repons afimativ men dezyèm lan k ap enpakte plis pase premye a. Nan sans, sa ka rive gwoup konsomatè nou genyen sou rezo a, se pa li ki achte albòm lan plis epi se pa li menm ankò ki ale nan fèt yo. Sa ka rive tou, gwoup konsomatè k ap apresye a, malgré tout kapasite li genyen pou li pran distans li, pa rive kapab sipòte anpil nouvote nan tèt li. Dayè se youn nan karakteristik mache a, 2 oswa 3 atis pa ka soti mizik menm lè. Sinon, youn ap anpeche lòt vann. Biznis lant ankou ti machan yo sou katye bò lakay la ki pa dakò vann menm bagay pou yo ka ret zanmi. Malerezman, egzanp sa pa analòg ak mache mizik la. Youn nan pi gwo kalite byen kiltirèl yo genyen sèke yo inik. Epi pandan yon jounen oswa yon semenn, nou ka konsome plizyè varyete.
Pandan n ap reflechi sou kèk lòt detay nou pa rive konprann byen nan mache a, li enpòtan poun f on fokis sou ekout oswa sansiblite atis yo. Lè yon atis pwodui yon mizik, pi fò nan rabòday yo pa fè pati de kategori m ap pale a, se tout yon sakrifis ak devouman. Yon mizik pa fèt ak yon klik. Mizik se za. Za pa tankou dlo sikre, fòk li dous kanmenm depi nan premye goute, non li pa za. Za/zèvda, s on bagay ki ka siprann ou vit, konsa tou li ka pran ti tan pou siprann ou. Si enstriman yo pa dezakòde, chantè a pa detone, mizik la byen anrejistre, antanke melomàn, se tande pou w tande epi bay tèt ou chans antre nan filing lan. M ap fini pou m di, mizik ki pran tèt mwen sou dènye albòm Klass la se « Lakou a », « Pou yon moun m ap tande », « P.P.P.W » ak « Sere koze w ».
You must be logged in to post a comment Login