Nan emisyon «Hot seat with Blonde », kote prezantatis la, Blondedy Ferdinand te envite chantèz Vanessa Désiré pou yon ti bat bouch sou dènye albòm li « Full package » ki soti 12 novanm 2025 lan, sa te mal fini ant de pati yo.
Nan moman kote Blondedy t ap evoke yon posib rekonsilyasyon ak Rutshelle Guillaume, youn nan zetwal mizik ayisyen an, Vanessa pa t kache kòlè l jouk li menm rive remèt mikwo epi kite plato a.
Aksyon sila se yon lòt epizòd nan yon dezakò piblik ant de chantèz yo, Vanessa pa t kache sa nan plizyè emisyon li pase avan sa. Avan sa, 2 atis t ap viv yon amitye solid e bèl nan je kèk moun.
Sa gen kèk tan, nan yon chita pale ak Carel Pedre, nativ Tigwav la te fè konnen Blondedy renmen l, men konfyolo l ak Rutshelle anpeche l devwale lanmou sa. Sa ki petèt te mennen aktris la envite l nan emisyon sa ki pa lanse twò lontan.
Antouka, petèt gen plizyè lòt chapit ki rete pou dewoule nan liv sa. Se evolisyon sitiyasyon an k ap di kijan sa pral fini.
Jephte Estiverne
Konpaevents




Kòmantè
Poko gen kòmantè. Se ou ki premye!