Connect with us

MUSIC

Ekip nan anbara pou renouvle viza travay pou mizisyen li yo

Published

on

Wikenn sila a, nou te ka wè sou anpil platfòm ekip te afiche pou pèfòme. Nou ka site prestasyon yo ki te dwe fèt vandredi a nan kanaval Boston epi yè samdi a nan Truth Lounge.

Pou wikenn k ap vini an, pwomotè yo enkyè anpil paske nou ta dwe gen ekip nan Labor day ak nan lòt aktivite.

Selon sous nou ka konte, menm jan ak lane pase, kote djaz la t ap konfwonte ak pwoblèm petisyon nan yon premye tan epi viza Shabba ke yo te kenbe nan yon dezyèm tan. Pliske s on posedi anyèl, ebyen ane sa a, ta sanble, djaz la poko ka jwenn petisyon viza travay pou mizisyen li yo.

Pou koulye a, mizisyen yo Sendomeng, y ap pasyante. Tout chèn lan nan gwo chalè. Tèt mizisyen cho. Tèt pwomotè cho. Tèt fanatik cho. Nou menm nan medya a, n ap kontinye chèche enfòmasyon pou penmèt ou konnen kijan sa ye.

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version