Informed & Entertained!
News

Fatima Lage Albòm Layv  “ Pwoteje M “  nan sou Platfòm yo

Fatima Lage Albòm Layv  “ Pwoteje M “  nan sou Platfòm yo

Fatima Lage Albòm Layv  “ Pwoteje M “  nan sou Platfòm yo

Apati de 24 janvye sa a, vèsyon layv albòm Fatima a, « Pwoteje m », disponib sou tout platfòm ekout yo. Se anons sa chantèz la fè sou rezo li yo. 

« Sa se souvni, emosyon, vwa, ak lanmou nou te pataje sou sèn nan… kounye a li pou nou, tout kote » se sa atis la fè konnen pandan li pwofite remèsye fanatik li yo e temwànye yo lanmou li.

Chantèz la pwofite voye gwo kout chapo pou estaf li epi mizisyen li yo ki kontribye pou rann pwojè sa posib. Albòm anrejistre nan sal Olympia, Kanada, 23 dawout 2025 lan.

Jephte Estiverne

Kòmantè

Poko gen kòmantè. Se ou ki premye!

Kite yon kòmantè

Exit mobile version
✕
Konpaevents 2025

FREE
VIEW