Haitian Compas Festival la, youn pi gwo selebrasyon mizik ayisyen an nan dyaspora a pral konnen yon lòt edisyon 16 me k ap vini la a. Yo devwale tout gwoup ak atis k ap gen pou pèfòme nan okazyon sa.
Kòm gwoup k ap anime jounen an, ap genyen Kaï, Klass, Vayb, Zile, Koudjay ak T-Vice. Anpil atis ap reponn prezan tou nan gwo moman sa. N ap site Andybeatz, Oswald ak band li epi Lycinaïs Jean kòm gwo envite.
Pou si ki gen pou wè ak DJ yo, n ap jwenn Bullet, Colmix, DJ Lens, DJ Heavy ak anpil lòt. Depi 2è nan apremidi, mizik ap kòmanse bouyi nan lakou Miami.
Jephte Estiverne




Kòmantè
Poko gen kòmantè. Se ou ki premye!