MUSIC
Harmonik devwale “Idantite n” kòm dènye albòm yo
Vandredi 31 janvye ki sot pase a, ti mesye Harmonik yo sot leve vwal sou “Idantite n”. Dènye albòm yo apre “Maturité” ki te parèt depi janvye 2022. Lè w ap tande 16 mòso yo, ou santi, s on travay mesye yo pran tan yo pou prepare. Orijinalite a toujou prezan. Harmonik rete Harmonik nou te konnen an. Se toujou menm konplo pwezi, melodi ak senfoni. Se toujou menm boutik chèdepoul la. M ap toujou raple nou atik mwen yo pa sèlman objektif men tou sibjektif. N a va konprann mwen paske m ap ekri sou yon byen kiltirèl ki se yon byen ak valè inik. Mizik pa sèlman teknik men tou se emosyon, se filing ak pasyon ke larezon pap ka ede w pèse.
Mesye yo revele kolaborasyon plizyè atis sou albòm yo an tankou “Jean Herard Richard (Richie), Roberto Martino, Marc Lubin, Dener Ceide, Richard Cave, Kenny Haiti, Andy Beatz et Rotimi”[1]. M ap al kreye yon fason ki plizoumwen lib, san twòp konsantrasyon ak teyori ede nou konprann chak mòso sou albòm lan.
- Albòm lan kòmanse ak “Trezòm”, yon moso kote mesye yo depose santiman yo nan moul pwezi pou emosyon. Anpil figi atenyasyon ak konparezon. Ipèbòl fè kenken. Nou pa gen dout sou Nicky, pwezi, melodi ak senfoni pa lènmi li. Si nou kwè m manti, al tande albòm « Première danse ». Atis la di « nan zye w mwen wè tout zetwal yo / Nan souri w mwen jwenn paradi / Nan bra w se lakay mwen / Kè w se tout richès mwen).
- Konpa dirèk bim bim. “Idantite m” se dezyèm mòso sou travay la. S on apèl pou sansibilize fanatik yo. Bon bout konpa byen madre. Konpa sa gen senti epi li lou. S on konpa pou nou tòde kò nou. Bèl touch kibòd ak bèl kout gita. Gen lavi nan mizik.
- Se moman pou n kriye. Si w sansib menm jan ak mwen, sa ka rive ou kriye lè w ap tande « Fracas ». S on mizik ki melanje lantè ak elegans, pou kouvri nou ak chèdepoul. Mizik sa, pou mwen s on repons a « Bradsou bradsa », nan yon lòt atik m ap di plis. Men, si w pa ti bebe, w ap konprann, se vwa yon moun k a sibi manipilasyon oswa toksisite yon lanmou. Lanmou an fò men santans yo anpil tou. Sa ki sèten, si kè w abitye broze oswa w nan yon relasyon kote w damou epi w ap sibi, w ap santi mizik sa f on touche w yon kote apa. Mac D kontiye prouve kapasite li genyen pou mete moun an trans. Inema Jeudi, yon jenn ekriven ayisyen te di « se moun ki gen kè moun ki powèt ». Mwen menm, mwen anvi di tou, « se atis ki gen kè mou ki touche moun nan kè ».
- Nan « Bouclier », atis yo chante ekspresyon yon lanmou majik. Richie te di « lanmou fè dlo bouyi soti nan frijidè » ebyen Nicky di “Lanmou w ka travèse tout boukliye”. Flo pwezi a tounen yon flèv nan albòm lan. Atis la di « Rega w ka fann an de / lanmè ki move / Kote tout zanj ap mande kiyès ou ye ». Powèt la desinen fanm lan tankou yon deyès. Se nòmal pou zanj yo etone. Apre baton Moyiz la, kiyès ki te janm eseye fann lanmè ?
- Toujou nan menm moul pwezi a, « Tonight » s on envitasyon pou vin viv. Nan « tonight », genyen 100% chanalite. Lanmou an fò. Lanvi an fò. Men atis la pa gen sètitid moun la nap vini pou anbyans li vle ofri li a.
- « Ou genyen deja » se pawòl nou ka kenbe nan « Mwen ba w legen ». Mizik sa ofri nou yon lòt pèspektiv pou n jere zen nou ak moun k ap soti nan lavi nou yo. Mizik sa se kri yon moun k ap ofri lwayote epi k ap rekòlte trayizon an retou. Mesye yo bay legen paske yo pa ka chanje sa. Si se mesye Klass yo, yo t ap di “Deyò deyò nèt”.
- Atis Nijeryano-Ameriken Rotimi patisipe nan rann fòmidab mòso mizik sa a sou albòm lan ki titre « Magical Rides ». Se Bibo ki moute bit mizik sila. S on bèl mòso. Pwezi a toujou prezan epi fò. Se lanmou k ap pran pisans. « The music fades, but our heart keep the pace / Every step we take as our bodies sway / A rush of our heat we can’t betray | Mizik la kase men kè nou pa sispann bat / Chak chak pa nou fè nan balan kò nou / G on flanm dife nou pa ka trayi”. Monmon !
- Huityèm mòso a”serment”, s on moso pou pase nan maryaj paske sa eksprime egzateman pawòl yon moun k ap ofri yon bag, k ap fè pwomès ak lakontantman. Nan menm mizik la, gen pawòl pou salouwe bote fanm lan. Ou ta di se nan yon resepsyon maryaj nou chita epi n ap savoure mizik la. Refren an di « Gade, gade, gade janm g on bèl madanm / Gade jan kè mwen kontan ».
- “Pa fè chich avè m, mete tout afè m nan menm” se pawòl nou jwenn nan mòso sa ki titre « Banm tout afè m ». Nan yon pwochen atik mwen ka pwomèt nou, n ap jwenn yon playlist mizik ayisyen k ap revandike pou pratik kouran ki egziste nan relasyon fanm ak gason lakay nou ki rele « defo kabann ». Kenny Haïti antre nan mizik la ak yon vayb tèt chaje. M ap mande m, si yon fanm gen defo kabann, epi nou pase mizik sa pou li pandan l ap fè chich, èske l p ap kite defo ? Nan bridge la atis la mande pou patnè a reveye li. Pa gen dòmi, leve pou frape l ye. Sa m retni, anpil fwa gason konn nève lè y ap sibi defo kabann alòske nan mizik sila, atis la jwenn yon fason espesyal pou li mande bagay la anpil elegans. « Ou gen koze nan men w pou w fè tout je louvri / Depi w bouje ren w, ou fè larivyè desann ». mwen renmen lè atis la di « Mete m sou teren w pou w ka wè kijanm kouri ». Sa k pou konprann ap konprann.
- Lè m ap tande « Renmen-Padone », premye bagay ki kenbe m, se koral la. Mizik sa tankou yon gospel-konpa. Padon wi mezanmi. Se yon apèl a konsyantizasyon pou padon. Pou viv lavi pi byen chak jou ak moun nou renmen. Pou mete ego nou sou kote. Pou pwofite bèl kado sa a. « Renmen s on kado pou n pataje, nou pa gen plas pou la èn vin anchene n ».
- Entwodiksyon « Doukounou » fè mwen sonje entro Karimi nan mizik « Buz ». Kibòd la vire filing lan nan men nou. Nan kolaborasyon ak Andy Beatz epi Richie. Kisa bagay al aye, se banbi k ap fèt pou yon materyèl ki gonfle. N a sonje gason lakay nou pran plezi an gade do bouboun fanm ki gonfle. Mizik sa konfime etònman mesye yo toujou genyen lè yo kwaze ak yon bagay konsa. Lwen pou l yon outraj ak kò fanm men pito yon ochan pou kategori sila a. Nou p ap pbliye yo vann kilòt gonfle tou pou twonpe vijilans gason ki pran plezi nan devan gnfle.
- “Ret tann mwen doudou”, se yon ochan pou bay asirans avan yon depa. « Lè w wè avyon an dekole, konnen se sèl kò m ki ale ». Sikonstans lavi konn lakoz de moun ki damou separe fizikman. Tout moun ki ale nan Biden epi ki kite patnè yo dèyè, sa s on mizik pou n pataje pou raple moun nou, lanmou an pa fini paske lespri nou pa f on pa.
- Mwen g on zanmi m ki te di mwen, depi w tonbe nan jalouzi, se wè ou ka wè moun gen lespri epi w ap sòt. Nan mòso « Angoisses », nou ap viv pawòl yon gason jalou kip a gen kè pou detache ak fanm li. Li damou grave pi l pa gen kè pou aksepte fanm li pran lari. Sa se prèske dènye nivo jalouzi a menm. Si n ap gade entètekstyalite, n ap wè dirèkteman mizik « Ekip » la, « I’m jealous ». Zanmi an di nan yon tan « Se pa jalouzi, se yon maladi ki pa ka geri » epi ala fen li di « Mwen pa ka chanje, mwen deja gate ». Pito se yo antouka !
- Li difisil pou w jwenn yon albòm konpa, pou atis la chante yon mizik lanmou kote patnè a ap ankouraje moun li an pou kenbe fè m. Pou pa pèdi enterè. Pou yo rete fidèl epi pou penmèt lanmou yo grandi. Se egzateman sa Harmonik pote nan « Lanmou ». « Yon relasyon ki gen lanmou toujou dire pi lontan, kwè mwen / Yon relasyon ki genyen konfyans toujou dire pi lontan, kwè mwen ».
- « Kontantman m », se ekspresyon gratitid, respè, kofnyans ak lanmou. « Ou pran tout sa k bon nan mwen / Pou w ka chanje defo m / Mèsi pou lanmou w ». Mizik sila pote mak matirite yon gentleman ki pran kouraj li ak de men li pou defann fanm li nan zye tout moun. « Daprè yo menm, mwen pa okouran jan vi w te ye » ; « Mwen p ap ka chanje pase w, avni n byen asire ».
- Dènye mòso sou albò lan se « Ti kè m ». Se li te anonse albòm lan depi oktòb 2023. 15 mwa aprè, n ap viv li pami yon pakèt lòt bèl mòso mizik. Youn pi bèl pase lòt. Li prèske difisil pou fè yon chwa sinon w ap kanpe sou sa w anvi degaje kòm emosyon an. Ti Kè m, se meyè fason pou w di yon moun, mwen ak ou se pou lavi, bò kote w chak jou dwe bèl.
Albòm lan disponib sou tout rezo streaming yo, al enjoy nou. Konpa devan! Mizik ayisyèn lan devan!
Harmonik • Idantite’n (Full Album, Official Audio)
[1] “Identite n” : l’album d’un nouveau départ pour Harmonik / Chokarella
You must be logged in to post a comment Login