News
Joshua Bonchwa lage videyo 3ème pye a e anonse pwojè li pou ane 2025 la

Joshua Bonchwa lage videyo 3ème pye a e anonse pwojè li pou ane 2025 la.
Se vre Joshua Bonchwa pase de prezantasyon nan endistri mizikal ayisyèn nan men li enpòtan pou nou fè sila yo ki pa t konnen e raple lèzòt yo li sòti nan yon fanmi kretyèn ki gen 3 pitit e li se dezyèm nan fanmi an. Paran l yo te batize l Josué Saintine men pi fò nan nou konnen l sou non atis li ki se Joshua Bonchwa. Joshua pa sèl moun ki renmen mizik nan fanmi l, si n fè yon Koudèy nap wè nan lòt bò a ti frè l Junior Saintine alyas Mister Schaf.
Depi nan lane 2006 Joshua Bonchwa makònen ak mizik. Nan lane 2009 li sòti premye mizik estidyo l nan “Fusion” ki rele “Make love to me” ansanm ak Elie Lapointe.
Menm jan ak anpil lòt atis nan biznis mizik la, Joshua Bonchwa rankontre anpil pikan sou chimen l men li pa janm lage. <<Mwen sonje mwen ale Ayiti nan yon tounen ak “Bèljazz” pou 2 mwa an 2010, lè pou n retounen se pa de mizè n pase. Nou te oblije pase pa Sen Domeng, dòmi nan machin. Rive nan ayewopò gen nèg ki pa t gen tikè vre>>.
Se konsa atis la tap rakonte n yonn nan move moman li yo. Konsa tou, li konnen anpil bèl moman ak fanatik li, sa ki ba l rezon kanpe goumen plis toujou. Youn nan pi bèl eksperyans atis la se te ak djaz li “Suave” nan lakou Lyon (Lafrans), an 2019 kote djaz la tap pèfòme pou kominote afrikèn nan ak yon gwoup ki rele “P Square”, yon gwoup ki tap mennen anpil sitou ak mizik “Personally” a. <<anpil lajan, lanmou, respè ak bon jan tretman>>, Joshua reviv moman an pou l eksplike n kòman sa make l.
Repètwa Joshua gen yon senkantèn mizik daprè sa li di nou. Menm si n wè l poste nan “Ti kwen an” se pa zafè “3ème pye” lap regle sèlman. Se vre li tap travay rèd rèd pou pote videyo “3ème pye” a pou fanatik yo men tou lap travay seryezman pou l pote yon EP ane sa a menm yon fason pou l kite yon bagay sou non l . Chantè “Suave” la santi l dwe tèt li sa. Sa pa vle di atis la ap fèmen karyè l okontrè lap vin pi move.
EP sa a kap gen pou l sòti anvan ane a fini, ap gen sèt (7) mizik sou li pami yo “Ti kwen an” kap remikse epi “3ème pye” a. Atis la poko revele lòt atis kap patisipe sou EP a men li fè n konnen ap gen plizyè atis trè popilè nan sektè a avèl e se Salomon Lira (Salil) kap pwodui EP sa a.
Mizik Joshua Bonchwa souvan anvayi klèb sitou “Ti kwen an”. EP sa a pap vize klèb sèlman. Lè n pa jwenn chantè “Suave” la ak djaz li se ak Dj li toujou jwe men lè EP a fin lage, nou pral kòmanse jwenn atis la ak yon mini djaz.
Joshua Bonchwa gen lontan lap travay nan endistri mizikal ayisyèn nan, kidonk sòti yon EP se yonn nan bon chwa yo pou li. Deja nou swete li fè siksè ak nouvo pwojè sa a.
Gbsainthubin@gmail.com |Konpaevents

You must be logged in to post a comment Login