Interviews
Jovans Lorquet – Yon Medsen ki Makònen ak Mizik

Nou ka apèn ap dekouvri l men li pa nouvo vrèman nan endistri mizikal ayisyèn nan. Non l se Jovans Lorquet, pitit yon atis ayisyen ki rele Joel Lorquet. Jovans fèt Miami nan lane mil nèf san katreven douz (1992) nan yon fanmi ki gen 3 pitit men li grandi Pòtoprens. Jovans fèt e grandi nan mizik. Depi lè l gen senk (5) lane li kòmanse chante epi aprann jwe kèk enstriman tankou: pyano, gita, flit, vyolon…li kite peyi Dayiti pou l tabli l nan Etazini aprè tranblemann tè ki te pase nan peyi a nan lane de mil dis (2010).
Mizik pa t anpeche Jovans kontinye lekòl li jouk li rive vin yon doktè nan lane de mil ven (2020). Nou ka santi lanmou Jovans pou mizik pa gen limit. Anpil nan nou konnen medesin se yon etid ki pa fasil, rive fè l pandan wap fè mizik sa pwouve pasyon l pou sa lap fè a se gwo koze.
Ou ka petèt te konn tande mizik Jovans konsa tou se ka videyo mizik “Si m pa konn gouye” a ki fè w dekouvri l men atis la gen lontan depi lap travay. Li gen kat (4) albòm nan repètwa l deja: Jovans Lorquet Zouk/konpa vol 1, Jovans Lorquet zouk/ konpa vol 2, Vini avè m epi Oui. Atis la poko chante ak anpil lòt atis men li fè mizik ak Niska (Lucky man) epi yon mizik ak J Perry (Loosing my mind). << Nou rive nan yon faz kote mizik ayisyèn lan ap pran yon elan anraje, mwen santi m pa ka rete chita san m pa mete tèt mwen ak talan m deyò pou moun ka konnenm>>, se konsa Jovans tap eksplike, nan mikwo Konpaevents madi ki te 25 fevriye ki sot pase a, rezon ki fè se kounye a lap chèche vizibilite a. Jèn atis la chaje talan e repètwa l chaje kou legba kidonk li te lè l te tan pou l te kòmanse pouse moun ki potko konnen l al jwi bèl zèv li yo.
Jèn doktè a pa sispann bay sèvis li nan domèn li ki se lasante poutan li pa ka kite mizik la sou kote. Pwojè Jovans anpil pou Ayiti men youn nan objektif li se travay pou pote mizik ayisyèn nan toupatou nan monn lan tankou anpil lòt atis ap goumen pou fè sa.
Ou ka ap poze tèt ou kesyon sou kote dòk la jwenn tan pou l fè mizik pandan li se yon pwofesyonèl nan sektè medikal la, ebyen si aprè kat (4) albòm dòk la deklare li deside pran mizik la plis o serye mwen rete kwè lanmou l ak pasyon l pou mizik ba w repons la.
Gbsainthubin@gmail.com | Konpaevents

You must be logged in to post a comment Login