Connect with us

New Music

K-Dilak prezante yon alegori filalang nan dènye videyo mizik li “Ou gou” ki fenk soti

Published

on

Ekip Bedjine K-Dilak la ki pa sispann fè koze nan lari a, depi kèk jou te sou silans. Pou yon gran koz, ekip la te f on ti poze pou travay premye albòm yo ki ta dwe soti nan mwa septanm sa a, si nou fè sous nou konfyans.

Nan sware 11 septanm 2024 la, yon videyo tonbe sou youtoube. Se pa yon mistè. Se yon verite. K-dilak voye yon mesaj ba nou. Tit mizik la pa rive sentetize egzakteman koregrafi a ak tèks mizik la. Men nou pran l pou yon elips, sètadi, g on bann lòt bagay ki kache dèyè sa nou pa tande a.

Videyo a prezante yon alegori. Yon alegori, se yon fòm ekspresyon ki penmèt nou pale de yon bagay abstrè gras ak eleman oswa zouti konkrè. Atis la kanpe nan yon kizin, l ap prepare yon pla. L ap netwaye. L ap sizonnen. L ap swe. Li pasyan. Li fatige. Li pa kanpe ditou. Objektif la se fini pwosesis la. Plizyè tizè ak asyeèt nan men, san yo pa ede nan anyen ni san yo pa bay okenn lide. Yo jis kanpe ap tann manje a pare pou vin manje. Sou tab kizin lan, nan yon premye tan, nou te wè vrè detay atis la ap prepare yo sou fòm legim ak epis. Nan yon lòt tan, senaris la ajoute kò yon fanm. Nou nan literati. Nou nan imaj. Nou nan senbòl.

Manje a pare. Manje a byen dekore ak anpil salad. Sant lan moute. Tout tizè yo pwoche ak asyèt nan men pis fouchèt. Atis la louvri rido. Tout moun pantan. Yo pwal manje yon byen san swe. 2 segonn pa pase, atis la fèmen rido. Tankou l ta di yo wayan. Si nou sonje mizik asirans Domgee a, se tankou K-dilak ta di yo, wayan pou nou wayan. Nan lang kreyòl la, se sa nou te ka rele yon filalang.

Ofinal, nou ka konprann trè byen listwa k ap pale a. Nou ka devine manje a trè byen ki se Bedjine. Moun ki anvi manje manje yo ki gen ladan l yo atis, pwomotè, animatè ak elatriye. Atis la chante « Mwen pa vle separe w » , « Ou gou ».

Nou ta ka di tèt nou, èske mesaj sila soti an rapò ak nouvo albòm ki pwal soti ak Bedjine epi ki reprezante yon gwo envestisman pou yo, epi byen bonè, atis la anonse tout chen ki anvi fouye pye nan tchaka a « Chat konnen, rat konnen, barik mayi a rete la ».

K-DILAK & BEDJINE OU GOU (OFFICIAL 4KVIDEO) (youtube.com)

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version