Connect with us

MUSIC

KE Spotlight Presents: Astral Konpa

Published

on

Gran save yo ta ka di n “Astral” se sa ki gen pou wè ak zetwal oubyen se yon kò ki soti nan syèl…pou Astral Konpa li menm se yon djaz ki soti nan gran nò peyi Dayiti espesyalman nan Twou dinò pou vin kraze baryè ki anpeche djaz avanse a. Mas de mil venn senk (2025) kap vini la a pral bay djaz la twa (3) lane depi li egziste.

Djaz sila a gen trèz (13) manm ladann: Yon (1) bas: Mayestwo Vol, de (2) chantè: Lourby Nova & Shnay Dulcet, de (2) batè: Elie & Landry, de (2) gita: Ba-Guita & Brutus, de (2) van Frisly Tenò & Chesly, yon (1) pyano: Popilè, yon (1) klòch: Kenson, yon (1) tanbou: Michel epi manadjè a ki se Joe.

Depi Astral Konpa rive nan biznis mizik la, li pa sispann travay pou fè zòrèy fanatik li yo ak tout moun ki renmen bon jan konpa plezi. Djaz la gen de (2) bèl mizik deja nan repètwa li ki se: “Ka nou grav: ak “Ou pa ta fè m sa” ki videyoklipe epi yon albòm ki gentan pare pou soti nan mwa mas kap vini la a, pou twazyèm anivèsè djaz la, si pa gen okenn difikilte ki ta prezante.

Albòm sa a rele “Genesis” ki vle di tou senpleman kòmansman, yon fason pou di se premye albòm djaz la. Li gen trèz (13) moso mizik sou li e li pa gen okenn lòt atis ki patisipe ladann. <<nou te deside pa mete lòt moun sou li paske nou te vle montre sa fòs nou ka bay pou kreye plis konfyans nan fanatik nou pou yo pa panse se akòz de lòt moun ki fè albòm nou gen pwa >>, pawòl manadjè Joe. Genesis gen pou tout melomàn ladann.

Daprè manadjè a, Astral plis pase pare pou endistri mizikal ayisyèn nan. Moral tout mizisyen pare pou fè sa yo konn fè epi pou yo rive kote yo dwe rive a. Se rezon sa a ki fè djaz la pran tout tan sa a pou li vini ak premye albòm nan. Yo pa t vle vini twò cho pou yo chode.

Astral gen respè pou tout djaz men li pa gen yon modèl vrèman. <<Tout sa ki bèl lakay yon djaz nou bat pou nou mete l lakay nou e nou admire prensip ak lonjevite Septen ak Tropicana paske nou menm tou nou pa vin fè detwa jou>>, se sa manadjè a fè n konnen.

Daprè Joe, biznis mizik la bezwen nouvo figi, lòt ide, nouvo djaz ki pou kenbe fanatik yo nan lajwa e djaz la pare pou reponn ak apèl sa a. Li kontinye pou l di, pi gran yo pa ka toupatou, Astral pare pou kenbe fanatik yo ak kè kontan. Sezon sa a se sezon Astral Konpa.

Nap swete Astral Konpa siksè epi lonjevite nan endistri mizikal ayisyèn nan.

 


Gbsainthubin@gmail.com | Konpaevents

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Cancel reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW