MUSIC
Kenny Desmangles : Nouvo djaz, nouvo albòm
![](https://www.konpaevents.com/wp-content/uploads/2025/02/Vakama.jpg)
Chantè a siksè Kenny Desmangles nan fen lane 2024 la pwopoze nou “Winner” kòm nouvo albòm li ak nouvo djaz li ki te wè jou nan mwa oktòb 2023. Bò kote atis Jean Yves Toussaint, ansyen chantè zenglen an vini ak yon albòm ki pote 15 mòso chak tit yo pote yon koulè pwòp ak yo menm. Rezilyans, regrè, melankoli, lajwa, lanmou, fanmi se kèk tèm ki jwenn tout priyorite yo nan albòm sila a. Yon mwa aprè, albòm lan ap swiv chimen pa li, nan sans pa li.
Men lis 15 mòso ki sou albòm Winner an :
1. Winner
2. Vaksen
3. Nou pran yo
4. M-anvi wè pitit mwen
5. Konsyans
6. Ou blese-m (ft. Armstrong Jeune)
7. Pa ret anyen
8. Jèn fi
9. Paralize
10. Dyalòg (ft. Master Brain)
11. Pa gen kanpe
12. On my way
13. An-n al chèche-l ansanm (ft. Leicka Paul)
14. An-n marye (ft. Atis Saj)
15. Mal
Kèk atis tankou Armstrong Jeune ansyen kolaboratè Kenny nan New York all stars, Master Brain, Leicka Paul ak Atis Saj chante sou albòm “Winner”. Nan premye mizik la, ki pote non albòm lan, atis la eksprime rezilyans li pa rapò ak sa li sibi nan lavi li pandan li fè referans ak pouvwa Bondye ki pwoteje li. “Winner” se chante ki pote anpil mak sou li. S on chante gratitid, an menm tan, s on chan temwanyaj, kèk kote, li s on chante pwen konsa tou, yon chante viktwa.”Gade m la toujou / Wi ou la toujou / Grasadye / I’m a winner / Mwen genyen trofe a/ Mwen leve defi a”. S on bèl bout konpa, tematik lan pa twò lou pou anpeche mizik la koule byen ni tou, mizik la pa kache tematik la. Se sa nou ta ka rele yon mizik fètefouni. Kenny fè pati chantè ki ka chante yon mizik tris (desepsyon) epi travèse pou tout bon konsomatè yo. Mwen sèten atis la konnen sa e mizik li genyen ki enpakte plis se mizik melankolik yo. Gen atis, natirèlman, vwa yo fèt pou chante melankoli. Si w vle wè sa, tande vwa Kenny Desmangles sou “ou blese m” ak sou mizik “ann marye”. Nan ki rejis ou santi w viv atis la pi byen ? Party ? tristès ?
Gen anpil lòt bèl mizik ou rive dekouvri ou albòm sila ki entrigan tankou “Vaksen”, “m anvi wè pitit mwen”, “Nou pran yo”, “ou blese m”, “Jèn fi” ak elatriye. m ap pwofite atire atansyon sou mizik “konsyans” lan ki videyografe, yon mizik ki mete anfaz sou fason moun ki gen mwayen yo gangsterize sila ki pi fèb yo nan katye popilè yo pou yo ka regle koze pa yo. Mizik sila vrèman kadre pou revòlte konsyans sila yo ki kite egoyis yo trennen yo la. Mesye yo admèt mizik la pa sèlman zouti plezi men tou, yon zam pou enfliyanse chanjman konpòtman. Al tande albòm lan sou tout rezo stream yo (youtube, spotify…).
You must be logged in to post a comment Login