Connect with us

News

“La nuit du compas” nan Amazura avèk Klass – Zenglen – Ekip & Djapot 

Published

on

Bon jan bouyon konpa sou tab Amazura ayè dimanch premye septanm 2024 la nan lannwit ki te prepare pou fete espesyalman Konpa Dirèk. Yon bouyon ki gen bon engredyan solid tankou: Klass, Zenglen, Ekip epi Djapòt. Pami 4 fòmasyon mizikal sa yo, 3 nan yo gen nouvo albòm kap fè chimen yo sa ki te plis pèmèt sware sila te anonse ak anpil chalè.

Malgre sèn nan pat vrèman gen ase limyè, Djapòt te louvri pòt sware sa a ak yon Esther Surpris byen bèl nan wòb wouj li ki vin simaye mizik sou fanatik yo ki te swaf sa. Djaz la kòmanse vide konpa atè ak yon Pedro ki pat neglije depoze vokal. Piblik la menm nan bò pa l tap byen amize l nan anbyans sa a Djapòt tap delivre a.

Tan pa Ekip vin rive, Steve Khe pat pran tan pou fè bèl entwodiksyon pou djaz la. Fanatik djaz la te byen kontan resevwa mesye yo sitou apre kè sote ki te genyen ak sa ki gen pou wè ak viza djaz la. Tout ekip la jere pati pa yo a sou teren an jan sa abitye fèt la e piblik la te pran plezi yo sitou ak yon Shabba ki pat manke pa vide animasyon atè. Domaj lè a vin riive pou djaz la kite plas la pou pi gran an monte.

Ou pa ka pale de konpa san non Nemours Jean-Baptiste pa monte nan tèt ou la pou la. Zenglen te twouve li enpòtan nan yon lannwit konpa dirèk pou bay yon omaj byen merite a lejann sila a ki te kite gwo eritaj kiltirèl sa pou nou. San pèdi tan, Zenglen kòmanse blayi konpa anndan klèb la. Pandan Emminix ak Isimic ap byen lage, Shoomy ta pral monte byen bwòdè, tou de nwa ak bèl chapo li pou raple fanatik yo gen fanm nan kay la. Fanatik yo patisipe kòm sa dwa. Antouka, zenglen fè sa li te gen pou l fè a.

Nan sware sa a, chak moun te fè deplasman an pou yon djaz konsa tou gen moun ki te vini pou tout djaz sa vle di yo te vini pou bon jan konpa dirèk. Apre pasaj lekòl mizik la ki se Zenglen, se te moman pa Klass la. Fanatik djaz la awoyo, yap chante, yap danse epi konpa marye san kanpe nan djaz la ak yon Cadoue chèlbè tankou pan. Si tout djaz yo te vini pou lage konpa atè medam yo yo menm ki fè pati de djaz pa sèlman depoze konpa yo grennen bote tankou lapli. Klass bay yon bèl prestasyon e byen fèmen lannwit konpa sa a.

Nan fen semèn fèt sa a, ou ka di drapo konpa dirèk la te byen flote anndan Amazura menm si klèb lan pat plen. Chak djaz yo te fè fyète Nemours Jean-Baptiste nan fason pa yo. Jan de evènman sa yo vrèman enpòtan. Ou ka pa te satisfè a san pou san, sa ki nòmal paske pèfeksyon pa egziste men nou ka wè konpa dirèk te devan jan sware a te destine pou sa.


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version