News
Mac D yon chantè-powèt wonnpòte pou nou konsome nan tout dimansyon li
![](https://www.konpaevents.com/wp-content/uploads/2025/02/Capture-decran-2025-02-13-175716.png)
Kèk jou aprè sòti « Idantite n », aprè ekip « Konpa events » lan te fin prezante albòm lan nan atik ak nan podcast live, jodi 13 fevriye 2025 lan, ekip Jedi deba a (Wilfrid ak Jojo) t ap resevwa 2 sipèsta Harmonik yo (Mac D ak Nickenson Prud’homme). Yo te reponn plizyè kesyon ekip Konpa Events sou santiman yo genyen sou mach albòm lan, degre satisfaksyon yo ak jan y ap abòde pèspektiv yo.
Aprè premyè kesyon Jojo a sou fason meye yo santi yo apre soti albòm yo an, Nickenson reponn : « S on fyète pou mwen lè m wè mizik nou ka touche kè. Sa ba nou angouman, lè nou nan estidyo, sa penmèt nou wè nan ki sans pou n ale». Sou sa ki gen pou wè ak kalite tèks yo, Mac D li menm reponn konsa : « Mwen ap ekri lontan depi nan lekòl. Mwen pa janm prese pou m fini ak yon tèks. Mwen toujou pasyan. Lè m t ap ekri « Obsede » se te nan yon rekèy powèm li te ye, e ke mwen te pèdi li. Kèk tan aprè mwen retounen sou li, mwen finalize l, pou li te bay sa nou te wè a ».
Jojo te mande Mac D kijan li fè ekri anpil konsa epi li pa vann aspè sa lakay li, chantè nimewo en Harmonik lan te pran tan li pou esplike tout tèks powetik li pwodui nan Harmonik epi ki te ateri byen sou piblik la. Menm si anpil moun pa janm vann li kòm sa li ye a, li admèt sa li ye deja epi li rekonèt enpak li fè sou piblik li a, li rete konfyan tou ke li se yon gran chantè.
Mesye yo avwe, lè y ap pwodui mizik, yo jwenn melodi yo avan yo jwenn tèks yo. Yo penmèt nou konprann alchimi ki egziste ant yo 2 a nan konpoze mizik. Yo te pran egzanp « Fracas » sou albòm “idantit n” lan, fason melodi a parèt, fason yo jwenn tèks la, tout pyès ki konpoze mizik la soti nan tèt rive nan pye li. Konsa tou, gen de mizik, se Ralph ak lòt mizisyen ki bay lide yo pou penmèt yo avanse.
Pou Mac D, siksè djaz la depann de otantisite yo. Yo pa enkyè de sa lari a ap mande oswa mòd biznis lan. Yo vrèman kwè se nan orijinalite ak kreyasyon yo kapab enpakte moun. « Mwen pa ka rele Nickenson Prud’homme pou m ap chante menm jan ak Arly Larrivière. Se sa k fè albòm lan rele Idantite n. Si n ap jwe yon kote, fòk yon moun santi se Harmonik k ap jwe » se de twa pawòl Mayestro Nicky te pataje sou aspè kreyasyon an. Li te ajoute ke se yon bagay yo goumen anpil pou li. Li ajoute « Gen moun ki ajoute, Harmonik pwal kraze, fòk mwen pa ta rele Nickenson ».
N ap raple w, mesye yo pwal jwe Zenith nan mwa avril k ap vini la, mesye yo pa etone pou sa. Yo admèt s on espas yo jwe déjà sèl diferans lan se paske yo poko jwe pou kont yo la. N ap tounen sou Mac D, si nou pa t konn pran tan pou savoure ak plis atansyon mizik Harmonik yo patikilyèman sa li ekri yo, apati jodi a, pran ti tan, tande chak gren mo, fason yo kole, fason yo tonbe sou chak nòt mizik, konplisite ak mayestro Nickenson, n ap rive vrèman konprann degre chantè-powèt sila. Yon kreyatè wonnpòt nou ta dwe konsome nan tout dimansyon li.
Nou ka kontinye al tande albòm lan sou tout rezo streaming yo.
Harmonik • Idantite’n (Full Album, Official Audio)
![](https://www.konpaevents.com/wp-content/uploads/2023/01/KE-LOGO-TEXT-e1672642080895.png)
You must be logged in to post a comment Login