Connect with us

New Music

Michel Blaise ofri “Kado Kache” kòm nouvo albòm mizik li

Published

on

Michel Blaise ki se ansyen mizisyen (batè) “System Band” epi ki ap viv New York vini ak yon nouvo albòm ki pote non « Kado Kache ». Li gen douz (12) mòso mizik sou li plis yon entro. Chak mizik yo pote yon mak espesyal. Granmoun yo souvan di se konnen ki fè, ebyen, ou ka wè fasilman selon aranjman chak enstriman, vwa ak tèks, se travay yon mèt. Yon abitye. Yon zanmi mizik. Tout mizik yo ap eskprime preske menm bagay la sou lanmou. Ou ta di s on albom atis la travay pou fe yon grenn moun kado. Pa gen plenyen la epi souri la. Nan tout mizik yo, atis la asire patnè li sou nesesite pou yo rete asanm. Enstriman yo sansib. Nòt yo pa bastrak. Aranjman yo bay anpil merit.

Men tout tit n ap jwenn lè defile sou mizik sa yo ke nou pwal prezante w ak yon ti detay sou yo chak :

10-Nou jwenn entro a ki prezante tit albòm lan ak non atis la, elatriye… (ki pa yon big deal)

2- “Kado Kache” ki se premye mòso nou jwenn sou albòm lan, ofri nou vwa yon moun ki dekouvri yon kado presye. Òdinèman, lè n jwenn yon boubout ki fè kè n bat fò, nou pale, nou depale. Lide a se konvenk patnè a sou sa nou anvi eksprime a. “Mwen pa renmen w pou bèl souri, mwen pa renmen w pou bèl danti,  mwen pa renmen w pou bèl cheve, mwen renmen w natirèl.

3- Ponpe Compas se dezyèm moso sou albòm lan. Mizik sa s on fòm remèsiman ak konpa a pou sa l pote man viv atis ak melomàn. Konpa pote fanm, zanmi, lajan…

4- Pentire menaj ou (Mizik sa pote mak lanmou. Atis la pran tan l pou l di patnè li a tout sa ki sou kè li. Gen sa li pa fin di l, se lè sa solo gita a ajoute. Pentire m cheri. Pentire m jouktan m  tounen lakansyèl.

5- Baton Moyiz, yon reyapwopriyasyon mizik “System band” ki soti depi nan lane 2000 yo. Yon glwa Michel kapab benefisye to antanke ansyen manm ekip sila. Pou moun k ap tande mizik lontan, nou konnen trè byen ki efori mizik sa a te kreye nan epòk li te soti a. « Depi baton sa nan men m, m pa pè ».

6- « Ou pèdi fanm lan », pou eksteryorize vanta yon jennjan k ap aklame pouvwa lanmou li possède sou lajan. Selon mizik la, nèg k ap bay lajan ki pa bay lanmou an, se yo k ap pèdi fanm yo plis.

7- « Ayiti bèl flè », Pou yon apèl ak konsyans sitwayen. Yon apèl ak lanmou fratènèl. Yon im pou salouwe listwa nou.

8- « M anvi wè w », yon powèm damou. Yon chan ki benyen ak imaj plis figi konparezon. S on gita a byen amonize ak pawòl yo. Chak nòt yo pale verite atis la nan yon sans apa. « m anvi wè w tankou fidèl k ap tan Jezi ».

9- “I’m in trouble”, yon Mizik pou desine yon lanmou tèt chaje. Yon lanmou a distans ki bezwen asirans. Asirans pou reziste kont bouch zanmi ak lafanmi.

10- « Francesca », deskripsyon yon lanmou pafè. Yon apèl a kontinyite pou sove yon relasyon ki sanse gen anpil valè nan je atis la.

11- « Banm adrès la », yon estil ki trè powetik oswa mawonyen pou mande yon nègès chimen plezirere.

12- “Get on it”,  yon mizik pou nou enjoy lè tanperati kò nou bese. Mizik la cho. Sa s on mizik party.

13- “Pa fè bri nan tèt mwen”, yon lòt mizik pou n enjoy nou lè kò nou mande sekwe oswa lè n ap selebre.

Nou menm ki fanatik mizik, ki renmen fè analiz epi ki konsome san pran souf, mwen envite nou al tande albòm lan sou tout rezo streaming yo, epi answit, fè dediksyon pa nou !

Ps : Al tande entèvyou atis la te bay “Konpaevents” sou albom lan nan semenn sa a menmhttps://www.youtube.com/watch?v=JhBFaJTjr_g

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »