Connect with us

New Music

Montana Keyz fenk pwopoze nou “yon lòt fwa”

Published

on

Gen yon pwovèb franse ki di, se sèlman enbesil yo ki pa chanje. Gen yon dikton Chloé Lume ki di, li pi bon lè w asime erè ou olye w ap fè tèt ou pase pou bon moun. Gen de fwa, nou konn rivye konsyan de fòt nou yo. Pou kèk moun, selon gravite a, yo konn pa jwenn padon. Konsa tou, gen moun ki konn pran konsyans twò ta. Lè konsa, se ògèy nou ki vale bonè nou.

Anpil fwa, atis yo pa chante pou ekspoze reyalite lavi yo men kèk fwa, yo ofri nou sou yon plato, yon mwayen efikas pou n resezi nou epi chèche repare erè nou.

Sa gen apèn 60 minit Montana Keyz sot pwopoze yon nouvo mizik ki pote tit “Yon lòt fwa”. Yon lòt fwa, pou repare fot yo. Yon lòt fwa pou l rekòmanse a zewo epi bay lemeyè de li. Yon lòt fwa, pou l soulaje konsyans li. Jis yon lòt fwa.

Mizik la sanble ak pawòl yo tèt koupe. Si w deside chante l pou yon moun w ap mande tounen, pandan solo a ap jwe a, tout bagay ka gentan tounen nan lòd.

Pou melomàn k ap mande mizik. Pou playlist k ap soufri. Montana Keyz pa responsab si tenpan nou pa soulaje.

N ap raple w, nan moman n ap ekri atik la, dimanch 25 dawout 2024 a 7è11 minit, mizik la gen 2èd tan depi li pibliye sou kont Youtube Montana Keyz. Kont li an menm genyen sèlman 27 abòne epi li pibliye sèlman mizik sila ak teaser a kite soti depi 2 jou.

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version