Connect with us

News

Panik nan Pwogram K-dilak/Bedjine nan West Palm Beach

Published

on

Ayè samdi ki te premye fevriye 2025 lan, se te pou premye fwa gwoup mizikal la ta pral pèfòme albòm yo a nan lakou West Palm Beach depi lè “Misyon Akonpli” fin soti 9 oktòb 2024 la.

Bal sila a te kòmanse bò 1 nè edmi nan maten konsa, menm si pòt klèb la te gentan louvri depi bò 11 zè yo. Atis yo te jwe plizyè moso mizik sou albòm nan tankou: “Woulib”, “Dènye konba”, “Map ret ak tèt mwen”, “Ou gou”…

Sware a ta pral fini pi bonè akoz yon diskisyon ki te pete anndan an ant kèk endividi. Yonn nan konsène yo te rele lapolis, konsa nèf (7) machin anvayi klèb la. 

Erezman pa t gen okenn arestasyon men apre polisye yo fin ale, piblik la vide klèb la grenn pa grenn. Rapid vit, yon rimè ta pral fè kwè se te ajan imigrasyon. Sa ki pa verite ditou.

Ta sanble Atis yo pa dijere move enfòmasyon sila, sa ki nòmal. << Yo di ajan ice rantre nan bal nou, tout moun kraze rak hmmm. Yo kreye tout mwayen pou destabilize nou. Konsa pou yon moun rete li fè yon manti? Hmmm m respekte nou>>. 

Se sa K-dilak poste sou paj fesbouk li.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Cancel reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW