Connect with us

MUSIC

Prince Bobby fenk entegre “Sinyal”, yon nouvo djaz nan biznis mizik la

Published

on

Prince Bobby, ansyen kolaboratè J-Beatz, ki gen bon non li Matheus Dulcio, fenk anonse ekip « Konpa Events » lan ke li entegre yon nouvo djaz. Sinyal se non nouvo fòmasyon mizikal sila. Nou te diskite ak atis la sou tranzisyon an, sou mache mizik la ak sou pèspektiv nouvo djaz li pwal entegre a genyen.

« Mwen san enkyetid pou mwen lanse m ak mesye yo. Kontra siyen. Mesye yo motive. N ap vanse pou pi bèl. Nou pa janm pa pare. Nou toujou pare. 2025 sa, ou mèt kwè m, se pa nou li ye. Pa gen djaz san mizik. Nou pwal soti anpil bèl mizik ak anpil bèl videyo tou. Pwal gen bagay. » se sa atis la te konfye nou nan echanj nou te genyen ansanm.

Selon atis la, epòk 2006 ak 2007, mache a te difisil anpil oswa li te depann de medya tradisyonèl la. Ou t ap bezwen plis mwayen pou w rive sou konsomatè final yo e li te mande anpil jefò tou pou w rive f on mizik mache nan medya tradisyonèl yo. Jodi a, pou ansyen chantè enpekab la, se travay pou w travay pou w pran mache a. Gras ak monte teknoloji a, piblik la vin plis akesib. Opòtinite yo la. Se travay pou atis yo travay ».

N ap raple w Prince Bobby se konpozitè anpil mizik ak siksè tankou fatige, i’m in love, fanm pa m nan ak anpil lòt ankò.

Bobby se moun Obòy, li te grandi Okap avan li te antre Etazini. Li kòmanse karyè li ak J-Beatz. Yo pwodui anpil bèl mizik ak siskè tankou « Fanm pa m lan », « Ann fè yon bèl vi », « Let’s get married » ak elatriye. Nan lane 2016 yo, li ta pwal kite J-Beatz pou kolabore ak yon djaz ki rele Enpekab. Yo te rive pwodui 2 albòm (Chwa jenès la ak Da future). Nan moman sa yo la, li t ap travay sou albòm solo li, selon sa li rapòte nou, epi ekip ki ap mennen djaz Sinyal la fè apèl ak li pou rejwenn yo e li te trouve s on bèl altènativ pou pote soutyen li bay jenn fòmasyon mizikal sa a ki sanse pote anpil pwomès.

 

 

 

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW