Connect with us

MUSIC

Rutshelle ak Richard Cavé tounen ankò

Published

on

Depi apre gwo siksè Rutshelle te fè ak Richard Cave nan lane 2017 ak tit “Kansè”, mesyedam yo te gen ti fwadè nan mitan yo. Nou pa bezwen al nan detay. Sa ki lesansyèl, sèke maten an la, sou apple mizik, jodi 24 septanm 2024 la, 2 atis yo pwopoze nou « Tolere w ». Nan lavèy, sou paj facebook Rutshelle, nou li « Aprè yon relasyon ki te yon kansè / Nou rekonsilye / E nou aprann tolere youn lòt ! ». Tout sipòtè ak fanatik te anpenpan. Gen sila ki menm eksprime enpasyans yo pou resevwa mizik la. Plis pase 1200 pataj, 2000 kòmantè ak 15K like nan sèlman 18è.

Nan moman n ap pale a la, mizik la disponib sou Apple. Gen moun k ap chèche li tankou pen cho. Ekip konpaevents lan gentan siwote li epi analize li branch pa branch. Lè n gade byen, nou konprann mizik sa sou twa ang.

Premyèman, mizik sa, se anons yon rekonsilyasyon oswa yon reòmansman. Sa vle di kisa? sou fason tèks la ekri a, menm si atis yo ap pale de lanmou, nou ka santi, yo plis ap regade kolaborasyon yo ansanm sou yon tan ki pi long. Si Rutshelle te solisite pandan yon moman kolaborasyon ak Dener Céide, ki te parèt yon twò gwo deal pou li, ebyen ak Richard Cavé se diferan. Richard se lafanmi. Richard se moun kay. Ekstrè youn nan bridge ki gen nan tèks la di « Se adrès sa mwen konnen / Se nimewo kay sa mwen konnen / Pa voye m al depoze kè m devan pòt lòt moun mwen pa konnen ». Eske w konprann sa m ap di oswa w vle m esplike w pi plis toujou ?

Dezyèman, mizik sa s on pwezi libelibè. Yon pwezi libelibè s on pwezi ki fèt ak mo kouran, sansiblite epi imaj, san twòp presyon sou mezi pasaj yo. Jea Cohen ekri yon liv ki rele « Estrikti langaj powetik », nan liv sa, pou fransè a, pwezi a se eka ki eziste ant ekspresyon reyelite a ak imaj ki kouvri ekspresyon an. N ap sonje, Richard Cavé soti nan fanmi gran powèt ayisyen « Syto Cavé » ki te konn konpoze pi fò mizik Alan Cavé yo. Men kèk bèl pasaj powetik, ki pote anpil figi atenyasyon tankou efemis ak ipèbòl, nou relve nan tèks la :

  • Pa fè kòmsi w pa wè n ap benyen nan chagren, lanmou n anmè
  • Nou pwal chante dèy sou tout pwomès ou yo
  • Tolere w mwen tolere w, se pou tèt sa w fè m mal konsa
  • Se adrès sa mwen konnen, se nimewo kay sa mwen konnen, pa voye m al depoze kè m devan pòt lòt moun mwen pa konnen

 

Twazyèman, mizik sa s on ranfò pou karyè de atis yo ki bezwen enpakte melomàn yo. Fanatik mizik yo vin pran anpil filing nan konsome Duo nan HMI la. Momentòm lan bon anpil pou mizik sila. Pandan K-Dilack ak Bedjine ap prepare pou soti tèt yo ak yon albòm, Rutshelle ak Richard Cavé deside retire nou sou swaf nou. Yo fon fason pou n ka vin tolere yo pi plis toujou.

Sou plan enstrimantal, pa gen twòp sipriz men travay la merite konpliman. S on mizk nou ka aprann pa kè. S on mizik ki fèt nan sans moun k ap bay tèt yo manti. Ki panse yo youn ka viv san lòt alòske sa ki ini yo a tèlman fò, menm enbesilite yo pa ka divize yo alevwa pou entèlijans yo. “Tolere w, tolere w, tou sa ou vle se li mwen vle ». Atik nou an fini la. Ale sou apple ak lòt rezo streaming yo pou w sa konsome mizik la.

 

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version