Connect with us

Interviews

Rutshelle Guillaume anonse yon nouvo mizik videyo

Published

on

Devan djaz la klere tankou miwa dè zanj, dèyè a plen tankou ze, ou ta ka menm di yon nouvo djaz men toujou avèk menm Rutshelle la.

Chak jou ki pase, fanatik mizik sitou fanatik Rutshelle ap pi kontan, pi satisfè de kalite travay atis la ap remèt ak djaz li lakay tankou deyò peyi a. Atis entènasyonal la charye dèyè l 3 albòm pandan 10 lane karyè mizikal li (Emotion nan lane 2014, Rebelle nan lane 2018 epi QQA nan lane 2021) epi li kòmanse chaje panyen l ak twofe seryezman. Kidonk, gen bagay ki pou fè fanatik fanm sa a fyè sitou lè nou konnen jan li pa fasil pou fanm pèse nan endistri mizikal ayisyèn nan.

Atis la pa kontante l de rete jwi siksè li tanmen yo men li kontinye travay san pran souf pou pote yon lòt albòm tou nèf dayè ki deja pare. Plizyè rezon lakòz albòm sila a poko ka rive jwenn fanatik yo daprè sa atis la fè n konnen. Rutshelle kolabore ak plizyè atis kidonk li twouve li enpòtan pou li ede nan pouse mizik sa yo, atis la pa ka egoyis. Anplis, kalandriye djaz la chaje tankou legba pou jouk rive janvye, li pa twò evidan pou nouvo bebe a lage. Lòt rezon ankò, sitiyasyon peyi a poko pèmèt albòm sila a rive jwenn piblik la. Daprè Rutshelle, li pa ka pa panse ak baz fanatik li yo ki Ayiti a. “ Rutshelle gen fanatik tout kote men Ayiti se baz la, kidonk si jodi a ou se yon atis ou pa gen Ayiti ou pa ka ale Ayiti se tankou se yon gwo andikap li ye pou ou.” Men an atandan atis la pwomèt yon grenn videyo mizik ki gen pou sòti nan mwa septanm kap vini la a yon mannyè pou fanatik yo kòmanse fè ti goute toujou.

Rutshelle Guillaume ap fè yon travay ekstraòdinè ak djaz li. Ou ka pa renmenl, se yon dwa w genyen men mete respè sou kouraj fanm sa a, disiplin li, pasyon ak devouman li genyen pou sa lap fè a. Wete chapo devan l pou sa li reprezante nan biznis mizik la, sa li reprezante kòm fanm e sitou sa li reprezante kòm moun nan kominote a.


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »