Connect with us

News

Ta sanble Ti Michèl ak Kandoudou rekonsilye

Published

on

Aprè tout sa nou te li kòm enfòmasyon sou rezo konpa events yo sou litij ki te deklare ant 2 gitaris diSip yo, ebyen, yè mèkredi 12 fevriye a, Gazman te reyalize yon rankont ak 2 mesye yo. Litij sa yo ki te okazyone pou yon kesyon pozisyon (plas devan oswa solo) ke Kandoudou konvwate nan djaz la. Te gen lenkyetid sou posiblite pou Ti Michèl ta fè lòt wout. Nan rankont sila, kisa ki te di ? kisa ki kenbe ?

Youn nan detay nou petèt ka konfime jodi a, nan kad rankont ki te genyen ant 2 gitaris yo, ta sanble mesye yo vide tout kontansye yo san rezèv, epi jwenn yon antant pou kontinye kolabore ansanm nan diSip. Sou sa ki gen pou wè ak ansanm negosyasyon ki enplike antant lan, estaf Konpa events la nap vini ak plis detay.

Nou vle anonse w ke diSip ap jwe nan wikenn k ap vini la nan Orlando e se pwobab pou tou 2 gitaris yo la pou jwe ansanm nan diSip san kontansye ak lanmou pou mizik la epi pou djaz yo a.

 

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW