News
Ti Michèl konvwate ekip ?
![](https://www.konpaevents.com/wp-content/uploads/2025/02/telecharger-1.jpg)
Aprè evènman ki te pase nan bal diSip nan Hollywood live samdi swa, kote Ti Michèl te kite estand lan pou li ale, jodi lendi 10 fevriye a, nou tout ka wè yon videyo kote gitaris la ap esplike koze a pi byen. Nan kèk pawòl li di nan videyo a, gen youn ki vrèman kenbe atansyon nou : ” Si m ale nan ekip koulye a, m ap sonnen Ekip”. N ap sonje, plas ekip la, se plas Kandoudou, gitaris ki nan litij ak Ti Michèl aktyèlman pou pozisyon nan diSip.
Selon sa Kandoudou te fè nou konnen, li kite Ekip paske Shaba te di deklare “li pa sonnen Ekip”. Gitaris la te deside tounen nan diSip, ansyen djaz li. Retou sa a pou gitaris la, si n ap transmèt vwa Ti Michèl, li baze sitou pou rekiperasyon plas devan an. Pou Ti Michèl, nan nenpòt pozisyon w ye, ou ka sonnen byen epi tou, ou ka nan plas devan plizyè kote epi w oblije kite. Atis la ajoute ankò, menm si w nan plas devan oswa dèyè, nou touche menm lajan.
Ti Michèl nan videyo li a te fini pou li di, li te kite estand lan, paske Kandoudou te di pare pou pete gwo tchòbòl ak li sou estand lan pou pozisyon an. Li te finalman oblije ale.
Pou koulye a, n ap mande tèt nou kijan sa ap fini! Eske Ti Michèl ap tounen al pran plas dèyè a? Eske l ap jwenn yon antant ak Kandoudou pou pataje plas devan an? Eske fason l pale de kapasite li pou sonnen Ekip la s on fòm konvwatiz pou atire administrasyon Ekip? Finalman, èske l ap galope ego li pou rejwenn Ekip, pou l ka rekipere ansyen plas Kandoudou a? Kisa Kandoudou di sou litij la? Kijan Gazman reyaji fas ak litij la?
Li nesesè pou w konnen, Ti Michèl s on gitaris ki pase de prezantasyon epi ki jwe ak lòt gwo djaz deja nan biznis lan tankou Zenglen, New Look ak Gabèl…
You must be logged in to post a comment Login