News
Videyo “tu es là” soti, Djapòt te vle ofri yon bagay senp

Anviwon nèf mwa aprè sòti albòm « we are ready” Djapòt, jodi 13 fevriye a, aprè djapòt te fin soti videyo « Eseye », « Karma », « lanmou konplike » ak « m konnvalè m », se moman pou yo pwopoze nou « tu es là » kòm dènye videyoklip. Pedro Force ak Esther Surpris. 2 sipèsta djaz la te prezan nan « Jedi deba » pou pale sou djaz la ak sou soti videyo a ki t ap woule pou lapremyè fwa, yon fason esklizif sou platfòm Konpa Events lan.
« nou te vle ofri yon bagay senp. Avan, se te toujou yon bagay frechè, pil rad, bèl machin. Nan videyo sa a, nou fè yon bagay senp » se sa Pedro, chantè epi lidè nimewo en djaz la te konfye sou tab wouj la. Nan menm cho a, atis la te pwofite pale sou sante djaz la, atis ki ale ak atis vini patikilyèman Makiki ki rejwenn djaz la.
Sa nou tout dwe konnen, videyo « Tu es là » se yon pwodiksyon yon jenn reyalizatè ki rele Shneider. Selon Pedro, li se yon pwofesyonèl ki konn metye li a byen epi ki efikas nan bay bon rezilta. Nou ka dakò ak atis la paske videyo nou t ap gade a se yon bagay ekstra kote imaj yo gen bon kalite epi ekspresyon mizik lan pase klè kou dlo kòk.
Yo anonse videyo a ap disponib a 7è PM sou paj Youtube Djapòt Ofisyèl, sou paj Esther Surpris oficiel ak Pedro Force.
You must be logged in to post a comment Login