Connect with us

Interviews

Atros Pale de Pwojè 20 Lane Rockfam Lame a !

Published

on

Konpa pa sèl grenn tandans mizikal ki genyen anndan endistri mizikal ayisyèn nan, Rap Kreyòl fè pati fanmi an tou. Menm si mouvman Rap la fè anpil bagay, se yon mouvman ki toujou jwenn anpil difikilte. Li pa twò devan sèn nan men sa pa vle di li disparèt tou. Lè wap pale de mouvman sa a, ou pa ka pa pale de Rockfam lame a. Se yon gwoup ki fè anpil bagay nan sa ki gen pou wè ak mouvman Rap la depi lèl kreye nan lane 2004, nan mizik, nan kanaval e sitou nan bif ak lòt towo nan Rap la ki se Baricad Crew.

Nan emisyon “Sakcho” ayè lendi 26 dawout la, Atros te vin pale de aktivite pou make 20 lane kreyasyon Rockfam lame a. Daprè Atros se pa yon sipriz pou 20 lane apre lame a toujou egziste paske chak atis anndan gwoup la se yon misyonè ki gen yon misyon byen espesyal e se menm misyon sa ki pèmèt lame a ka selebre ventyèm anivèsè yo kòm sa dwa. Mouvman Rap la toujou rankontre anpil difikilte sou chimen l, se youn nan rezon ki te konn bay atis la ti kè sote pou gwoup la pa kraze daprè sa li di men sòlda yo te siyen pou yo pa lage. “Si sou wout la yon sòlda febli, nap ba li le bra paske fòk misyon nou akonpli”. Sa se yon ba nan “rockfamily” youn nan mizik ki sou premye albòm lame a.

Labor Day se premye evènman ki pral anonse pwojè 20 lane Rockfam nan. Pou m repete apre atis la, Rockfam se materyalizasyon rèv yo tout. Se pou sa, malgre sòlda yo gaye toupatou, sa pa anpeche yo rasanble pou vin sèvi Rockfam lame a ki konstwi yo. Distans lan pa chanje anyen nan mitan sòlda yo lè yo rankontre. “ lè nou ansanm, se yon lòt bagay, mwen panse nou te pèdi sa…” se konsa Atros tap eksplike ak yon souri kijan koneksyon an refèt fasil. Ou ta ka li fyète nan figi atis la, kè kontan ki nan vwa li lè lap pale de pwofesyonalis ak inite ki genyen lè yo mete tèt yo ansanm pou reyalize travay sila.

Nouvo pwojè sa a rele “Dynasty”. Nan albòm sa a, atis yo deside onore Rockfam lame a pou sa li reprezante nan bisnis la. Albòm nan ap gen 20 mizik sou li. Sòlda yo deside refè 10 ansyen mizik ak 10 lòt atis epi 10 nouvo mizik. Anpil atis konpa ak jèn atis deside kolabore sou pwojè sa a pami yo Bgarmel kap chante yon mizik ki rele “priyè malere”. Pou kounye a, lame ap travay sou yon toune nasyonal ak yon toune entènasyonal. Pou toune nasyonal la, ap gen yon espektak nan chak gran vil peyi a yon fason pou kite yon bagay kap itil chak kominote sa yo. Toune entènasyonal la menm ap fèt plizyè kote nan Etazini ak Monreyal men sa ki pi enpòtan se fèmen toune sa a ak yon rapè fransè nan Accor Arena oubyen Zénith, daprè sa Atros fè konnen.

Malgre tout ti pwoblèm ki te genyen nan mitan sòlda yo, yo mete tèt yo ansanm pou defann kòz Rockfam lame a. Bèl pwojè pou selebre 20 lame gwoup la ta dwe yon gout nan sewòm ki pou remanbre mouvman Rap Kreyòl la. Nap swete yon bon ventyèm anivèsè ak tout sòlda Rockfam lame a, ak tout mafya yo tou e swete mouvman an kontinye fè chimen l jan youn nan mizik sou pwojè a di l la “pa gen kanpe”. 


 Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents    

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version