Connect with us

Interviews

Gabriel Laporte Pran yon Lòt Pòt nan Karyè L

Published

on

Endistri mizikal ayisyèn nan pa sèlman benefisye de bèl vwa atis nou yo genyen men tou li benefisye de bèl talan atis kap jwe enstriman yo. Pi souvan, fokis la rete sou chantè a men gen de mizisyen kap rale w ak enstriman li san w pa menm konnen e Gabriel Laporte se youn ladan yo.

Li fèt yon 11 mas nan lakou Pignon, li se yon gwo bout tonton gitaris devan Letènèl. Nou souvan rele l Laporte oubyen Lapuerta men jounen jodi a sa tap fè l plis plezi si nou ta rele l brother Laporte apre nouvo chimen li kòmanse a, daprè sa li fè konnen.

Jan anpil nan nou konnen l deja, Laporte fè anpil siksè nan plizyè djaz tankou Nu Look ak Disip ki se 2 gwo djaz biznis mizik la li fè non l ladan yo. Si w anvi di pa gen gita san solo ou ka di tou pa gen solo san Laporte. Dezòmè, bèl kout gita yo chanje direksyon.

Apre plizyè apèl Laporte te jwenn nan men Bondye sitou apre maladi l, yon rèv ta pral souke l jouk li deside reponn pou l fè chimen Granmèt la. Se yon siy ki fè li kwè men Bondye sou li fòk li fè wout la. Depi lè sa a Laporte pa sispann panse ak legliz. Yon mwa apre konsa depi rèv la te tape l, atis la ta pral pran chimen legliz ak yon kouzen l ki te envite l, se konsa brother Laporte kòmanse wè jan Bondye ap fè wout avè l e li pa regrèt yon jou li te antre nan fanmi sa a ki se legliz. Daprè frè a, youn nan rezon ki fè l santi l nan plas li se jan Bondye pa janm lage l. “Zanmi, fanmi ka lage w men Bondye pap janm lage w”. Se konsta sa a li fè sitou apre eksperyans gwo maladi ak operasyon li te sibi a.

Nou pèdi frè Laporte nan lemonn, jan moun legliz ta ka di l, men nou pap pèdi kout gita yo e nap jwenn plis toujou kounye a sitou ak nouvo pwojè sa li sòti a. Se dezyèm pwojè Laporte men sila a se pito temwanyaj li. “Se tèlman sa Bondye fè nan lavi m mwen di fòk mw fè yon pwojè ki rele Temwanyaj”. Se sa brother Laporte fè n konnen.

Gabriel Laporte pa deyò a ankò men nap toujou jwenn bon jan Konpa li yo anndan legliz e li tou pwofite envite tout zanmi ak fanatik li yo, kap toujou rete zanmi l e fanatik li men si l chanje direksyon, pou vin tande temwanyaj li 31 dawout kap vini la a nan yon konsè vant siyati lap fè nan Legliz li. Pwojè sila a fèt pou glwa Bondye anvan tout bagay e se li kap fè wout avè l, si nou kwè sa frè a di nou. Nan ka sa a, nap swete Bondye kontinye kenbe brother Laporte sou chimen siksè ak karyè li e toujou fè li rete nan pye li jan frè a espere sa fèt la.


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version