MUSIC
Harmonik – Zenith : Yon randevou tou nèf pou yon albòm tou nèf
![](https://www.konpaevents.com/wp-content/uploads/2025/02/telecharger-2.jpeg)
Nan mwens pase 10 jou aprè fòmasyon mizikal Harmonik fin ofri nou dènye albòm yo an « Idantite n », san pran tan, ekip la deja envite nou pou premye pasaj yo nan « Zenith », nan vil Pari, nan peyi Lafrans pou yon konsè. Dimanch k ap 20 Avril 2025 lan, depi l fè 8è nan aswè, nou ka di tèt nou, nou konn yon randevou ra epi remakab pou nou al distrè nou ak zanmi epi lafanmi.
Nan yon videyo ki dire 67 segonn ki pibliye sou paj facebook band lan, nou wè estaf djaz la nan yon echanj epi yon mesaje pote yon afich ba yo. Ou ka santi sipriz ak angouman mesye yo genyen pou y al vann imaj djaz yo ak peyi yo pa lantremiz mizik la nan vil Pari. Pou Nicky, ekip la fin travay, sa ta vle di, se moman pou franchi yon lòt pi bèl etap nan pakou a. Konsè sila ap sèvi entèmedyè pou fanatik yo konsome djaz la ak tout valè ajoute nou ka konstate mesye yo pran an kont nan mache yo a. Lendi 3 fevriye a, nan 8è30 nan maten, albòm lan te sanse klase nimewo 1 sou iTunes Worldwide Charts. Dènye albòm Harmonik lan s on engredyan esansyèl nan demach yon djaz tankou “Zafèm” enskri li pou fè moun viv mizik ak mwens eka ant emosyon ak rèvri. Pou tout sa nou pa di yo, se Zenith pou n al viv yo menm, epi n a fè pwòp istwa pa nou.
N ap raple w, espas sila a te inogire nan lane 1984 la epi li kapab akeyi 6804 kretyen vivan. Plizyè gwo fòmasyon mizikal ayisyen deja jwe la tankou Tabou konbo, new Look, t-vice, djakout #1, Carimi ak elatriye.
Wilfrid Petit Frere
February 6, 2025 at 12:38 am
Congrats to HMK !