Connect with us

Interviews

Nickens Metellus – Yon nouvo talan nan inivè mizikal ayisyen an

Published

on

Pou biznis lan kontinye kanpe djanm fòk jèn yo kontinye entegre endistri mizikal ayisyèn nan, fòk gentan gen ranplasan anvan menm granmoun yo ale. Gen anpil jèn talan deyò a ki ka asire relèv la. Pami talan sa yo, nou jwenn Nickens Metellus.

Nickens Metellus, se non jèn atis sa a ki ateri nan endistri mizikal ayisyèn nan. Li soti anwo Plato Santral dirèkteman Tomasik, li grandi nan lakou Pòtoprens e sa fè 9 lane depi lap viv Etazini egzakteman nan Boston.

Menm jan ak anpil lòt atis, Nickens kòmanse chante depi l timoun. Nickens pa chwazi chante se pito chante ki chwazi l daprè sa li di. Se moun ki konn ap obsève l lè lap chante ki pouse l kite fòmil chante pou chante a pou l kòmanse pran chante a pi serye. Antre Nickens nan mizik la tout bon pral kòmanse apre l fin entèprete yon mizik Pipo epi li lage l sou facebook la, gen yon zanmi ki te gentan repere l depi nan Amazòn sou lye travay li ki ta pral reaktive l ankò. Se konsa li ta pral chante premye mizik li nan yon estidyo kanada gras ak zanmi sa a. Dayè se premye fwa li ta pral wè yon estidyo e touche yon mikwo. Malgre sa, li te fasil anpil pou jèn talan an te mete vwa l sou mizik la. “Pour toi” se tit videyo mizik sila a ki te gentan sòti deja depi anviwon 10 mwa.

Apre yon tan silans, Nickens retounen ak “Kòb pou genyen” e fwa sa a li pa deside kanpe, kidonk karyè li ta sipoze tou kòmanse yon fwa pou tout. Li gen plizyè lòt mizik ki deja pare, pami yo yon mizik sosyal ki gen yon atis fanm sou li kòm envite, ki ta dwe sòti bò desanm konsa, daprè sa jèn talan an fè n konnen epi yon mizik santimantal ki ta dwe parèt nan 2025 lan si tout bagay rete kòrèk.

“Kòb pou genyen” ki deja disponib sou tout platfòm yo, se yon mizik Leroy Beat te prezante Nickens e kòm yon moun ki renmen konpa dirèk anpil, li te retwouve l nan mizik la otomatikman. E se konsa mizik videyo sa a rive lage.

Biznis mizik la ap toujou bezwen san nèf pou rete an vi. Pou yon fòmasyon mizikal toujou rete djougan fòk li fè chimen pou jèn talan yo. Si granmoun yo prale kiyès kap kenbe lakou a si nou pa entegre la jenès, si nou pa fòme yo davans? Antouka, Nickens Metellus montre talan pa li an la, li gen prestans pou l vann e li prè pou l aprann. Alòs, jwèt pou pi gran yo. Ki pi gwo kou endistri mizikal ayisyèn nan ta ka pran si yon jou nou pa ta gen ankò Pipo, Gazzman, Arly, mayestwo Ritchie, Gracia Delva…epi n pa asire n gen jèn ki pou ranplase yo?


Gbsainthubin@gmail.com
Konpaevents

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version